Woukoukou!

0
2056

Tout moun kriye rele 

ape woukoukouye

Rara san Banbou

pa rara pou mwen

Woukoukou pou wou

Woukoukou!

Vanyan an janbe 

Van wouke san bri

Li ale san kenken.

Kanmarad P

Loray kataye Banbou

danse petwo

laye gongo

foulaye ibo

mawonnen nago

Rara san Banbou

pa rara

Woukoukou!

Woukoukou!

Mouvman Kreyòl 

repondonng nan silans rada

toumant a lespwi wa ye.

Lonbray Jan Tanbou

layite ladouskivyen pawoli

nan woulawoup lekzistans

liminasyon tètgridap  

sou koulè kavo li

Rara san Banbou

pa rara

Woukoukou!

Woukoukou! 

Pyè Banbou

ou se fòs òganik

lespri maton.

Ou janbe se vre

men rasin ou ape trese riban

kowkow! nan jaden zansèt yo

Grandèt ou tankou

mèt Franswa, mèt Tutu,

Ti Montrèy

nou p ap janmen sispann liminen

nan fènwa mounite. 

Rara san Banbou

pa rara

Woukoukou pou wou

Woukoukou!

Banbou ou se vaksin

nan zòrèy nanm mwen

fè m danse rara a

pou souf kreyolizay

koud frechè ajoupa m

sou wout lekzistans vanyan mwen

Pyè poli anetwale

klète ki liminen lan nwasè

jouk lanjelis mennen solèy

blayi payèt lotbò lenfini w

pou dèyè pa ni bite ni tonbe. 

Rara san Banbou

pa rara

Woukoukou!

Woukoukou!

Ala koze nou koze!

Se pa ti mistè nou pa desounen!

Banbou Tanbou Mapou

Prizon  Dimanch 

pa te ka klete souf nou.

Poutan lespwi nou

Lobe nanm move 

Pou konbit nèg kreyòl  

Klise lavi miyò

Pou yon keyolizay popilè. 

Rara san Banbou

pa rara pou mwen

woukoukou pou wou

Woukoukou!

Nou ake m pou letènite!

 Gary S. Daniel 
Nèg Gonbolyen 
Sosyete Koukouy 

Visprezidan REK 

jen 2021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.