Yon alyans global nan kan pèp la nesesè nan moman sa

0
1383

(Kontribisyon yon Patriyòt nan Deba Nasyonal kap fèt yo)

Gen yon kesyon ki poze ak deplizanplis fòs, deplizanplis ijans nan Kan Pèp la. Se ALYANS GLOBAL KAN PÈP LA. Pou nou byen vanse nan Alyans nan Kan Pèp la, li nesesè nou fè 2 bagay: premyèman, nou fèt pou nou byen konnen kilès ki zanmi nou nan Kan Pèp la, ak kilès ki lenmi nou. Aparamman, klas sosyal ki zanmi nou se sila ki nan menm sitiyasyon, kondisyon materyèl lavi ak nou e ki pa trayi nou. Sa vle di se pa tout moun ki nan klas sosyal ki nan menm sitiyasyon ak nou ki zanmi nou. 

Pa ekzanp, lè nou gade sa kap pase nan katye popilè yo, nou wè jan lenmi klas nou yo sèvi ak de moun ki nan loumpenn pwoletarya a (moun deklase yo, moun sanzetadam yo), epi  soupwoletè ak tiboujwa reyaksyonè ki nan di, afèpabon pou mete kanpe gang ame, asasen, kriminèl kap plede masakre nou osèvis rejim sanginè a, ak osèvis klas reyaksyonè yo tankou boujwazi a, grandon yo ak dominasyon peyi kolon enperyalis yo. Gang sila yo menmsi yo nan klas sosyal ki nan menm kondisyon lavi ak nou, yo pa zanmi nou, e se lenmi nou yo ye, fondamantalman paske yo chwazi mete tèt yo osèvis kan lenmi nou yo pou toupizi nou, kraze nou.

Ositou, lenmi nou yo se tout klas reyaksyonè ki kanpe anfas Kan Pèp la pou kenbe nou nan mizè ekstrèm la, oprime nou, dominen nou, eksplwate nou, peze souse nou, ak masakre nou. Lenmi nou yo se klas dominan reyaksyonè (Lelit yo/oligachi a/otokrat yo/diktatè yo) ki regwoupe nan Blòk Opouvwa a tèlke boujwazi konpradò a (enpò-ekspò ak soutretans/zòn franch), boujwazi biwokratik la (Granmanjè kap souse leta a), grandon yo (nan kanpay yo), tiboujwazi reyaksyonè a ak politisyen abolotcho yo. Yo tout mare sosis yo ak peyi kolon enperyalis yo pou dominen-eksplwate ak kraze peyi a ak kraze Pèp Ayisyen an. Dayè, se yo menm ki mete nou nan twou nou ladann lan, nan yon sosyete an dekonpozisyon ak pourisman akselere.

Lenmi nou yo sèvi ak fòs represif tout kalite pou kraze nou, arete nou, vyole dwa demokratik nou, ak touye nou. Yo sèvi ak lapolis pou badijonnen nou ak gaz lakrimojèn, tire bon bal sou nou lè nap fè pikèt, sitin, manifestasyon demokratik pasifik. Yo sèvi ak bandi, gang ame asasen, kriminèl tankou federasyon gang g9 la pou kidnape nou ak masakre nou nan katye popilè yo tankou Lasalin, Bèlè, Site Solèy, Tokyo, Kafoufèy, Kafou Marasa, Gresye, Raboto, elatriye. Yo sèvi ak dòt fòs represif tankou lame po bannann la, bsap, ani elatriye kont Pèp Ayisyen. Nan kanpay yo, grandon yo sèvi ak lapolis, azèk, kazèk epi òganize gang ame asasen, kriminèl tou pou ede yo vòlò tè peyizan yo, mete yo deyò sou tè yo epi reprime ak asasinen yo de fason jeneral. 

Sepandan, zanmi nou yo nan Kan Pèp la se veritableman klas sosyal ki domine/eksplwate epi kap viv nan menm kondisyon lavi ak nou, ki kanpe bò kote nou,  epi ansanm ak nou ap batay pou chanje kondisyon lavi nou kolektivman. Klas sosyal sila yo nan Kan Pèp la se Peyizan Pòv, Dimwatye, Vann Jounen, Peyizan Mwayen, Ouvriye Agrikòl  nan Kanpay yo, e nan Vil yo, gen Ouvriye nan Atelye yo, Ouvriye nan Soutretans yo, Travayè tout kalite tankou bòs mason, chanpant, ebenis, pechè pwason, machann, soupwoletè yo tankou bouretye, changn, epitou gen Tiboujwazi defavorize a ki ralye a Lit Otonòm global Mas Popilè yo. Se nan mitan klas sosyal sila yo konstriksyon alyans solid la dwe fèt. 

Dezyèmman, nou dwe defini konkrètman pwen santral ki kapab pèmèt nou konstwi alyans nan Batay Kan Pèp la. La a, nap gade omwen 7 pwen brilan nou ta ka travay sou yo darachpye, san pèdi tan nan jou kap vini la yo. 7 Pwen sila yo se:

1)   RESTORASYON ENDEPANDANS-SOUVERÈNTE PEYI A SOU BAZ ANTI KAPITALIS ENPERYALIS (Tout 27,750 Km2 a ki enkli Lil Lanavaz)

2)   LIBERASYON-SOUVERÈNTE NASYON AN

3)    EMANSIPASYON-LIBERASYON PÈP LA KONT OPRESYON, DOMINASYON AK EKSPLWATASYON

4)   SOLIDARITE NAN MITAN KAN PÈP LA AK SOLIDARITE ENTÈNASYONAL AK LÒT PÈP TRAVAYÈ NAN MOND LA, YON DIPLOMASI SOLIDARITE MONDYAL/ENTÈNASYONALISM

5)   RESTORASYON MAK FABRIK NOU KÒM BON SÒLDA, BON KONBATAN, BON GÈRYE VANYAN KOLEKTIF AK WOT MORALITE (Nan lespri Atik 9 Konstitisyon 1805 Desalin la)

6)   DEMOKRASI POPILÈ NAN ENTERÈ KAN PÈP LA AK TRAVAYÈ  KÒM POTOMITAN

7)   ÒGANIZASYON OTONÒM KAN PÈP LA NAN OTONOMI NOU PARAPÒ A KLAS DOMINAN REYAKSYONÈ YO, POLITISYEN KAP DEFANN KAPITALISM LA AK PEYI KOLON ENPERYALIS YO.

7 Pwen Alyans Minimòm sila yo kapab sèvi de Zouti Pratik pou tout klas sosyal ki nan Kan Pèp la omwen koumanse demare ak solidifye Rapò ak Relasyon ant yo nan pèspektiv Konstriksyon Alyans Kan Pèp la. Andotre tèm, tout moun konsyan, òganizasyon/klas sosyal ki nan Kan Pèp la kapab konsidere 7 Pwen sila yo, entegre yo ak entènalize yo nan pwogram yo, nan lespri yo, nan Pratik yo. Sa tap fasilite Rapwochman Politik ak Ideyolojik ant yo kòm de objektif nou ka atenn rapidman pou debouche sou ALYANS MINIMÒM nap chache pou de Pratik Minimòm an komen nan Kan Pèp la. Sa kanmenm koresponn a Prensip, “Mache Separeman, Frape Ansanm” la! Sa mande nou rive siyen yon AKÒ POLITIK an Prensip ak sou aplikasyon 7 Pwen yo. 7 Pwen yo anfèt konstitye Pwen Ripti nou ak sistèm neyokolonyal pouri a ak akayik la.

Tout sa ki di la yo valab pou ni moun ki sou rezo sosyo tankou Facebook, Twitter, WhatsApp, Telegram, Signal, ak Listserv yo. Yo valab tou pou tout militan kap goumen kolektivman dirèkteman sou tout TEREN BATAY swa nan peyi a, oswa nan dyaspora a. Tout deba, diskisyon, dyalòg kolektif nap fè dwe santre sou 7 pwen sila yo pou nou pa tonbe nan divèsyon ak dilatwa lenmi a ap lage anba pye nou pou fè nou bite ak pèdi tan. 

E nou pa dwe tonbe nan plenyen nonplis ki pap mennen nou okenn kote. Sispann PLENYEN! METE PYE NOU NAN DLO! Ann mete kanpe òganizasyon apwopriye ki koresponn a sa moman an mande de nou yo! San òganizasyon politik otonòm Mas Popilè yo, pa gen ni demokrasi popilè, ni eleksyon lejitim! Mezi òganizasyon nou, mezi Pouvwa nou! 

Si nou rive konsantre nou sou 7 pwen sa yo, e rive difize yo pa tou lè mwayen ke nou dispoze e kapab, nap rive ranmase ak konstwi fòs materyèl nesesè pou fè fas kare a tout fòs reyaksyonè yo, tout fòs egoyis yo, tout fòs endividyalis yo, tout fòs mesken yo, tout fòs kowonpi yo, tout fòs fènwa yo, tout fòs asasen yo, tout fòs kriminèl yo, tout fòs anti Pèp yo.  7 Pwen sila yo se chimen ripti total ak tout fòs reyaksyonè anti chanjman nan sosyete a. E 7 Pwen yo se zouti konstriksyon òganizasyon otonòm Mas Popilè yo, Kan Pèp la. 

Pèp Ayisyen an mennen anpil batay deja nan tan resan yo si nou sèlman pran kòm ekzanp ak pwenn depa Soulèvman Demokratik Popilè Espontane ki te fèt 6-7 Jiyè 2018 yo. An pasan pa ansanm Gwo mouvman, Gwo manifestasyon demokratik masif ki fèt nan tout peyi a kote plizyè milyon moun monte sou teren politik la, pile beton an, peyi lòk, grèv nasyonal pou rive jouk jounen jodi a. 

Nou dwe tire leson de tout Pratik, tout aktivite, tout mouvman sila yo epi konsolide aspè pozitif ladan yo. Se òganizasyon otonòm nou yo kap pèmèt nou tire leson yo pi byen epi pèmèt nou ale pi lwen ak pi pwofon nan batay nou yo. Kan Pèp la dwe òganize yon Tranzisyon Otonòm. NOU DWE PRAN KONTWÒL LARI A. LARI A DWE RELE NOU CHÈMÈT, CHÈ MÈTRÈS JISKASKE NOU JWENN SA NAP CHACHE A! SA MANDE NOU FÈ SOLIDARITE YOUN AK LÒT A TOU MOMAN EPI VEYE YOUN SOU LÒT A TOU MOMAN. SA MANDE NOU ÒGANIZE TÈT NOU! 

Nou nan wout la deja e nap chache louvri plis pasaj toujou. 7 Pwen yo ap pèmèt KAN PÈP la rive konstwi yon lidèchip òganik konsekan nan tout peyi a, an BON SÒLDA, ak bonjan liy klè  kap kapab gide pousuit lit yo nan enterè mas fondamantal yo jiskaske nou rive a destinasyon nou ki se VIKTWA FINAL LA. Se apati de la, nap kapab konstwi yon lòt peyi, yon lòt nasyon, yon lòt lavi ak yon lòt Lavni, yon BYENNÈT KOLEKTIF ak DEMOKRASI POPILÈ sou Tè d Ayiti. Se la menm nou vle rive! Se la pou nou rive kanmenm! Kenbe OBJEKTIF SA A NAN LESPRI NOU NAN TOUT ÒGANIZASYON NOU YO A TOU MOMAN! 

Raoul Gérard
Kawonabo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.