Kominote entènasyonal, oligachi, akò opozisyon, tranzisyon…

0
1302

yon tèks Doktè Dunois Erick Cantave

Samdi 6 fevriye 2021 ((rezonodwes.com))– Dokiman « akò » ki sòti nan diferan media yo 31 janvye 2021 pa yon pati nan opozisyon ayisyen an se yon bèl efò pou mete ansanm plizyè pwopozisyon de plizyè sektè pou nou ta aplike lè nou ta finn kapote rejim Jovenel Moïse – Michel Martelly – PHTK a ki rive nan bout mandal ki refize ale.

Sepandan nou pa kwè li se yon akò final ki reflete reyalite moman nap travèse a ni tout revandikasyon fondamental popilasyon an. Li ka yon bon fèy wout ak kèk etap yon gouvènman tranzisyon ta ka swiv. Men li genyen de feblès ki ka fè baskile tout bon lentansyon ki parèt nan travay silaa…

Nou panse refleksyon saa pa pran ase prekosyon avèk kilti prezidansyalis ki nan peyi a. Konsa, entènasyonal la ak oligachi a ka toujou sèvi avèl pou fè « doublure » pou kontinye dirije peyi a pa anba anba.

Kidonk nou pa kwè se yon bon lide pou nou ta chwazi yon prezidan tranzisyon nan tribinal kasasyon ki toujou akonpaye tout deriv diktatoryal ak koripsyon ki fèt nan peyi a san yo pa janm di yon mo.

Yon lòt kote nou kwè tout travay ki gen pou fèt yo pandan tranzisyon an pa koresponn ak tan ki parèt nan dokiman saa pou ekzekite yo ak mete anplas refòm fondamantal sila yo…

Kidonk nou ta dwe fè atansyon pou tranzisyon nou di ki dwe koupe fache ak ansyen move pratik yo pa tounen yon lòt gouvènman pwovizwa ki pap pèmèt okenn gran chanjman nan politik tradisyonèl peyi dayiti.

Li ka jis tounen yon chanjman moun, yon chanjman rejim, yon chanjman sipèfisyèl, yon chanjman kosmetik.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.