Patrice Dumont prend le contre-pied de l’initiative du « grand dialogue national » intéressé lancé par Joseph Lambert « à 7 jours de la fin du mandat de Jovenel Moise »

0
2111

Dimanche 31 janvier 2021 ((rezonodwes.com))–

Pòtoprens, 31 janvye 2021

Pozisyon Senatè Patrice Dumont sou Gran Dyalòg Nasyonal Prezidan Sena a,

Onorab Joseph Lambert, vle lanse pou 3-4 fevriye 2021 ki tou prè la a.

Òddijou oubyen ajanda Gran Dyalòg Nasyonal ki gen fòm tèks ak videyo sou fowòm Senatè yo pa reponn egzijans faz aktyèl kriz politik ki eklate nan jounen 6-7 jiyè 2018 yo.

Tout sa ki nan anons GDN nan, se lide ki t ap valab 22-23 janvye 2019, lè Prezidan Moïse te kraze dyalòg pou gouvènans Premye minis Céant t ap lanse nan sal Konvansyon BRH lan.

A sèlman 7 jou de 7 fevriye 2021, dat legal fen manda Prezidan Moïse la, peyi a gen yon prezidan ki rebèl kont lalwa nan sa ki konsène atik 134-2 konstitisyon an ak atik 239 dekrè elektoral 2 mas 2015 lan.

Wòl Sena a nan konjonkti sa a ta dwe gen 4 pwen sa yo:

1- raple Mesye Moïse dat fen manda l la ki se 7 fevriye 2021;
2- travay avèk fòs viv peyi a pou yon sòti òdone Prezidan Moïse 7 fevriye 2021;
3- patisipe kòm kodepozitè souvrènte nasyonal la nan enstalasyon gouvènman tranzisyon an;
4- patisipe nan elaborasyon plan misyon 2 zan gouvènman tranzisyon an.

Kidonk, mwen pa bay siyati m anba ni tèks ni videyo Gran Dyalòg Nasyonal k ap yon absè sou klou kadisite palman 12 janvye 2020 Jovenel Moïse la.

Senatè Patrice Dumont
31 janvye 2021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.