Konpayi Kouran nan Nòdès debranche komisarya Twoudinò a pou 111 mil goud dèt elektrisite

0
2565

Gen kouran se youn, peye kouran se 2

Mèkredi 27 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Biwo Konpayi ki bay kouran nan depatman Nòdès debranche komisarya polis nan komin Twoudinò a pou dèt.

Dapre jounalis Sylvestre Fils Dorcilus, komisarya a te dwe 111 mil goud elektrisite e li poko peye biwo a yon goud penich.

Men, apre negosyasyon dirijan konpayi kouran NRECA yo retire sou kòb la, yo bese dèt la fè l rive 50 mil goud pou ede otorite lapolis yo.

Men, sa poko ka mache alòs ke pwoblèm sa rive nan yon moman kte gen yon vag ensekirite nan vil kote lonbrit prezidan Jovenel Moïse koupe a.

Kisa ki pase? Eske polisye yo ap kontinye fè pòs nan fè nwa?

Jwèt pou gwo palto…

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.