Kidnapin : Etzer Emile mande tout moun mobilize pou al monte pikèt devan rezidans premye minis Jouthe

0
1156

Lendi 18 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Anpil jenn pèsonalite move kou kong apre bandi yo pa rive idantifye kidnape jenn antreprenè Mike Bellot.

Pou montre otorite yo fòk gen aksyon ki fèt pou kwape ensekirite a k ap galope monte plis chak jou, Etzer Emile mande tout moun pou patisipe nan yon plante pikèt (sitin) devan rezidans ofisyèl premye minis la nan kafou Musseau.

Aktivite pwotestasyon sa ap fèt madi maten 19 janvye a pati 11 zè.

 » Sekirite se yon dwa. Nou pral rele anmwey pou mouche Leta. Si nou pa kanpe, nou tout ap viktim. Youn pase pran lòt. Vin fè tande vwa nou. Pataje afich la. Youn di lòt ». Se sa Etzer Emile pibliye sou Twitter.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.