Prezidan Martelly simaye kowona nan plizyè evenman, dapre Jameson Bernabé, yon prezantatè nan  »Matin Débat »

0
2059

Mèkredi 30 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Dapre Jameson Bernabé, responsab ribrik kiltirèl nan emisyon Matin Débat, Prezidan Martelly gentan simaye kowona nan anpil evenman li te pase nan kapital la.

Kolaboratè emisyon ke Louko Désir ap dirije sou Radio Télé Eclair pran egzanp youn nan bal Enposib, gwoup k ap pi byen mennen ane sa nan peyi a.

Jameson Bernabe revele ke  »Michel pa t gen kachne. Sa vle di l ap bay akolad. L ap bwè tafya, lòt moun ap bwè nan tafya l ».

Si tankou anpil nan gwo chèf rejim ki sou pouvwa a, kachne preske pa alamòd ankò, responsab ministè sante piblik yo toujou ap raple ti pèp ke kowona la pi rèd e tout moun ta dwe respekte kondisyon sanitè ak jès baryè yo.

Ministè Kominikasyon te menm rele anmwe pou atire atansyon Ayisyen sou yon nouvèl vag ki ka frape peyi a.

Men pou gwo towo yo, sa sanble se pawòl van.

N ap fè sonje ke responsab gwoup Sweet Micky yo, te anonse nan lannwit 28 ak 29 desanm ke chantè prensipal yo a, ansyen prezidan Michel Martelly te pozitif apre li te pase test kowona. Yo te tou pwofite anile tout evenman yo te gen nan ajannda yo e yo te presize ke Martelly pote l byen malgre sa.

Foto paj FB Matin Débat

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.