Lanmòsanjou, chèf gang 400 mawozo a, di polisye boule kay li paske yo pa konn doulè achte blòk

0
2604

Lendi 28 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Malgre li rekonèt lap mennen yon pil aksyon ilegal, chèf gang 400 mawozo a, Lanmòsanjou, di polisye ki te fè desantdelye nan baz li a, tout se vòlè.

Chèf bandi a pa pè pa krent, li di se afè moun polisye yo te fin vòlè. Li menm arive di polisye yo pa konn pri poze yon grenn blòk ak pri yon sak siman.

Li deklare :  »Si yo te konn lè yo kraze l se yon lòt doulè pou m bay ankò pou m fè l, yo pa tap kraze l ».

Yon lòt kote, Lanmòsanjou di premye minis defakto Joseph Jouthe se yon lach epi li deklare pa gen okenn sòlda 400 mawozo lapolis arete vre, paske sòlda yo te kanpe goumen ak lapolis.

Pandan li fè kwè li gen antèn nan mitan PNH la, Lanmòsanjou di  »Si yo arete 15 sòlda, konn se 15 kabrit yo vòlò. Menm pou blag, yo pa arete inosan, alewè pou koupab. Paske m te gentan di tout moun nan zòn nan lage pye yo, lapolis ap vini ».

Se konsa tou, Lanmòsanjou revele  »Lè m gen kòb se pa sèlman ak madanm pitit mwen m manje l ».

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.