Daly Valet – Sanksyon : Pa gen Apredye isiba!

1
2437

Sanksyon !

Mèkredi 16 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Mwen te di nou…sa jistis isit pa ka bay, jistis entenasyonal ap bay li. E sa jistis lèzòm pa garanti, jistis Bondye garanti l.

Pa gen apredye isiba. Sèl Bondye ki Bondye. Nou tout ap pase.

N ap regrèt yon jou kan menm nou te konpòte nou tankou sèl bowòm sou latè Dayiti Toma. Lavi moun, Konstitisyon, lalwa, byen moun se tankou fatra nou trete sa. Ayiti se nou menm, nou se Ayiti.

Nou fè sa n vle ak li, jan nou vle, lè nou vle. Sa kanson fè yo pa t menm oze panse fè, nou menm kanson pay nou panse nou ka fè yo je fèmen san gade ni devan ni dèyè.

Lage nan touye pwofesè, etidyan, tout kalte moun, granmoun, timoun, tibebe alamanmèl, jenn fi aflèdelaj, fè masak pasipala, kadejak sou demwazèl ak manman pitit, Kidnaping, epi al kouche sou do kòm si tout sa k pase fin pase.

Se piyay. Jou va jou vyen. Ameriken se tankou gangan. Yo ba w pwen, men yo pa di w al domi gran chimen pou sa.

Annatandan yo 3 toujou. Rete tann 2, 3, 4 menm 10 lane. Si m mouri foumi a pote nouvèl pou mwen. Jistis nou mande ! Jistis n ap tann ! Andidan kou deyò !

DV

1 COMMENT

  1. Ou di verite frem. Lew yo gen pouvwa yo konnen yo Bondye. Jou ale, jou vini, kaka je pa linet. Saw fe jodia yap few li demen e sak pi red la, lap rive sou famiw. Kite yo fe! Lew fe yon fwa, yo few 7 fwa plis.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.