Doktè Dunois Erick Cantave : Ki moun ki ka chèf lapolis nan yon tranzisyon serye

0
1649

Samdi 5 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Nou panse yon nouvo chèf ou direktè lapolis nasyonal la sou yon gouvènman tranzisyon ta dwe yon moun entèg, ki gen yon laj ankraj ak bon repitasyon nan sosyete a, ki dwe gen kouraj ak bonjan konpreyansyon leta a an jeneral, yon kapasite pou moralize enstitisyon an, pou ankadrel, pou administrel ak refòmel an pwofondè.Konsa, li ta dwe kapab fè diferans ant sekirite nasyonal ak sekirite piblik ak bay fòs polis la yon oryantasyon sitwayen, ki vle di sivik ak pwogresis.

Li ta dwe mete enstitisyon an an kapasite pou demantle tout gang ame nan peyi a ak anpeche lòt fòme. Dezyèm aspè saa ta dwe fèt nan kolaborasyon ak lòt otorite responsab sekirite, fòmasyon, ankadreman ak pwoteksyon jenès peyi a…

Li pral gen poul aji nan respè estrik konstitisyon peyi a, nan respè otorite peyi a, an tout otonomi, pandan lap evite enflyans tout lòt sektè nasyonal kou entènasyonal sou enstitisyon an. Tout apwi enstitisyonèl konsènan lapolis nasyonal la dwe pase pa otorite gouvènmantal tranzisyon yo.

Nouvo chèf ou direktè polis sou gouvènman tranzisyon an dwe kapab aji sou fòmasyon, bon tenu, deplwaman ak ajisman polisye ak polisyè yo nan respè dwa tout moun endistenkteman. Enstitisyon an dwe fè kò ak popilasyon an (relasyon antre sòti ak pwoksimite, ankouraje aktivite polis kominotè yo…) andeyò tout zafè politik patizan.

Nouvo chèf ou direktè polis kap vini nan tranzisyon an dwe kapab antourel de yon etamajò konpetan ki dwe rete andeyò zafè politik patizan. Li dwe monte ak enstale yon yerachi fonksyonèl andedan enstitisyon an…

Pa dwe gen yon leta nan leta. Enstitisyon polis la avèk otonomil dwe osèvis lajistis, dwe kapab asire sekirite tout moun an jeneral ki sou teritwaa, chak sitwayen an patikilye ak tout enfrastrikti piblik ak prive yo…Sa pa dwe anpeche sektè prive a ede polis la fè travay sekirite tout antrepriz peyi a nan respè lalwa ak konstitisyon peyi a.

Yon nouvo direktè lapolis nasyonal nan tranzisyon an dwe ogmante efikasite kò polis la andeyò zafè politik patizan…pandan lap evite yon militarizasyon enstitisyon an. Li pa dwe aksepte fonksyonman okenn lòt kò ame paralèl ak ekipman ki pa sou kontwòl li, konstitisyon an pa rekonèt, ou ki fòme andeyò lalwa.

Li dwe kapab asire bon kondisyon fonksyonman lapolis la, pwoteksyon chak polisye ak polisyè nan kad travay yo, pandan lap ekzije respè ak pwoteksyon lavi ak byen ak dwa tout moun san eksepsyon nan popilasyon an.

Li dwe respekte enstriksyon otorite gouvènman tranzisyon an pou konbat tout fòm kriminalite sou teritwa a ak kriminalite transnasyonal la, kidonk rejyonal la, nan respè lalwa, konstitisyon an ak akò entènasyonal ki va etabli pou sa.

Dunois Erick Cantave

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.