Asasina Evelyne Sincère : Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la mande tout ayisyen vanyan reveye

0
2004

Nòt pou Laprès sou Asasina Evelyne Sincère, yon elèv lekòl

DIREKSYON POLITIK OPOZISYON DEMOKRATIK LA

Pòtoprens, 2 novanm 2020

Lendi 2 novanm 2020 ((rezonodwes.com))– Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la konstate avèk anpil endiyasyon kadav yon jèn fi, yon elèv lekòl ki gen laj 20 lane, Evelyne Sincère, ki ap sikile sou tout rezo sosyal yo, bandi te kidnape, yo kenbel pandan plizyè jou, yo vyole l, asasinel, epi lage kò li sou pil fatra pou fanmi li ak sosyete a. 

Pandan moun ki sou pouvwa ap fè tout mannèv pou yo kenbe pouvwa pou tout tan, yap konstwi estrateji pou ekate tout moun ki pa nan vizyon piye peyi a avèk yo. Ayiti tounen yon lanfè kote bandi legal fè sa yo pito epi moun ki gen otorite, ki ap jwi privilèj nan Leta fèmen je yo, bouche zòrèy yo, yap jere pouvwa, zafè ki gade pèp la. 

Direksyon Politik Opozisyon an pran nòt:  pou nou Ayiti tounen yon gwo simetyè konsa kote kadav moun nan tout kouch sosyal yo vin tankou machandiz ki gaye nan mache enfòmèl, se otorite an plas yo menm ki reyini kondisyon pou sa, lè yo fasilite kreyasyon anpil gang, yo bayo afeksyon, yo menm òganize yo an federasyon.

Pwochen viktim nan se kapab ou menm ki ap li oubyen ki ap tande nòt sa a. Pou nou desann ba konsa kote lavi moun banalize, vwayou alèz pou parèt tèt yo, entimide nenpòt moun yo kwaze sou chemen yo,  atake moun yo vle san yo pa  enkyete, sosyete pa san responsablite. Se rezilta lojik tout koukou klere pou jew la, zafè kabrit pa zafè pa zafè mouton an. 

Kote nou Ayisyen fanm ak gason vanyan ? Ki sa nap tann poun reveye n, poun leve kanpe, di non ak tout fòm vyolans sa yo kap fèt nan peyi a, tankou krim, asasina, vyòl,  kidnapin, operasyon gang nan katye popilè yo ? Ki lè nap kanpe tout bon poun di non nou pap kontinye viv ak sistèm enpinite a? Kri doulè fanmi Evelyne Sincère dwe travèse zantray nou tout pou li pouse nou nan revèy sosyete a bezwen poul ka refè tèt nan dinamik solidarite youn ak lòt, vwazinay se fanmi. Se sou baz sa a sosyete Ayisyèn nan te konstwi. 

Direksyon Politik Opozisyon an di se vreman ase, se twòp atò!  Apre asasina Mèt Monferrier Dorval, etidyan Grégory Saint-hilaire, Elias Erick Diogène, Evelyne Sincère ak moun ki deja viktim nan ensekirite ki anvayi tout peyi a, nou pa bezwen konte viktim ankò. Moun ki gen vann san an li mèt fèmen l. 

Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la ap mande pèp Ayisyen an rete veyatif epi mobilize. Dènye batay pou liberasyon an, pou fè enserite ak movèz gouvènans kaba nan peyi a ap lanse anvan lontan.

Viv Ayiti ! Viv sekirite pou moun nan peyi a ! 

 Moun ki siyen pou Direksyon an:                                                                                                                              

Génard Joseph                            Paul Denis                                Marjory Michel

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.