Represyon manifestan : Opozisyon an mande polisye yo sispann sal imaj PNH la

0
1116

NÒT POU LAPRÈS

Lendi 19 Oktòb 2020 ((rezonodwes.com))–

DIREKSYON POLITIK OPOZISYON DEMOKRATIK la salye angajman ak detèminasyon pèp ayisyen an, atravè pati ak regwoupman pati politik yo, òganizasyon sosyete sivil yo, nan peyi a tankou nan dyaspora a, ki te mobilize, nan jou 17 Oktòb 2020 an, pou salye memwa Jean-Jacques DESSALINES, eritye sistèm kolonyal esklavajis yo te asasinen ansanm ak rèv byennèt li pou nasyon an, epi pou mande: Jistis pou Mèt Monferier Dorval, Gregory St Hillaire, Diogène Elias Eric ( Ricot) ak tout moun ki tonbe nan katye popilè yo sitou nan Bèlè, Lasalin, Ponwouj ak site Solèy.

DIREKSYON POLITIK OPOZISYON DEMOKRATIK la retire chapo devan fanm vanyan ak gason vanyan tout kote ki te brave menas ak danje gwoup gang ak rezo kriminèl k ap defann pouvwa Jovenel-Jouthe la t ap simen toupatou, nan lide pou anpeche MOBILIZASYON ak revandikasyon pèp la kont vyolasyon Konstitisyon an, kont pwojè Eleksyon bout mamit, kont black-out sou dilapidasyon lajan PetwoKaribe a, kont vyolans ak konplo sou tout fòm. Pèp la konprann entimidasyon ak divèsyon se zam ak mannèv malonèt tout pouvwa ki enkapab bay rezilta ki nan enterè mas popilè yo, peyizan yo, anplwaye Leta, antreprenè, etidyan, pwofesyonèl tout kalib, elatriye.

Nou sonnen lanbi pou denonse, pou kondane pratik simaye gaz lakrimojèn, bal kawoutchou ak bal reyèl sou sitwayen pasifik k ap egzije yon lòt Leta, yon lòt peyi. Ajisman sa yo montre aklè menas ki plane sou libète ekspresyon Konstitisyon 1987 la garanti ak volonte pouvwa a pou tounen ak diktati. Nou di NON Diktati pap tounen.

DIREKSYON POLITIK OPOZISYON DEMOKRATIK la voye senpati li bay tout viktim zak malonèt gang ak asasen ki te abiye ak inifòm Lapolis. Nou mande PNH la pran distans li ak pratik sa yo k ap sal imaj sèl fòs sekirite piblik operasyonèl peyi a epi frajilize li plis chak jou. Pèp ayisyen se yon pèp ki kale nan batay. Li wodong. Li pare pou kontinye batay anfas tout atoufè ki kanpe an kwa sou chimen libète, jistis sosyal, enklizyon ekonomik ak respè dwa granmoun li.

DIREKSYON POLITIK OPOZISYON DEMOKRATIK la renouvle angajman ak detèminasyon nou pou retire Ayiti anba grif tout pouvwa kriminèl, asasen fòfyèl k ap kraze peyi a, vyole lalwa, demantibile Leta epi krabinen popilasyon an pandan nap kontinye konsète ak lòt aktè sou pi bon mwayen poun prepare dènye tranzisyon koupe fache a pou pita aprè 7 fevrye 2021 an.

Pou Direksyon an

Paul Denis                  Edgard Leblanc Fils                           Sorel Jacinthe

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.