Lèt tou louvri pou Prezidan Jovenel Moïse

1
2523

Lèt tou louvri Pou Ekselans Prezidan Jovenel Moïse

Mercredi 2 octobre 2019 ((rezonodwes.com))– Ekselans,

Lèt sa-a envite w koute vwa yon gwoup patriyòt Ayisyen k’ap pale avèk ou. Mesaj nou an konsène kriz peyi a ap travèse dènye jou sa yo. Nou vin atire atansyon w, Ekselans, sou yon reyalite. Men, nou pa rete la sèlman, nan fen lèt la, nou pataje espwa nou genyen pou nasyon ayisyen an ansanm ak ki aksyon nou pral poze ansanm. N’ap kòmanse avèk yon ti rapèl sou orijin kriz la.

Koz kriz la

Prezidan, n’ap raple w ke nou pa pretann vin ba w leson; nou pa vin ba ou sèl responsab kriz n’ap viv la. Rasin kriz sa-a fon, men an menm tan li se rezilta anpil zak ki poze sou manda ou a, nou ka dakò sou sa. Ekzanp pwoblèm ki te la depi nesans nasyon an se :

  • Inegalite sosyal: jis sonje Papa Dessalines te mande voye je gade sila yo ki te de men vid yo;
  •  Koripsyon. Bwat leta te toujou gen koripsyon: sonje pwosè konsolidasyon an;
  • Enfliyans. Lit pou pouvwa ak jwèt enfliyans kote moun lajan ap telegide pouvwa pa nouvo: raple w prezidan Soulouque ki te voye pye paske l pa t vle sèvi maryonèt;
  • Enjerans. Nou paka nye enjerans lòt gran peyi: n’ap jis sonje presyon prezidan Boyer te pran pou peye pou Endepandans nou, pretèks okipasyon 1915 la, pase an 2004 epi dènyeman nan pwojè rekonstriksyon an. Nou pa ta ka fin site men nou kanpe la. An nou wè kote nou peche jodiya tou.

Ekselans, n’ap ba ou verite a jan l ye paske ou konnen bay manti pa fè onè okenn sitwayen. Nou pa kontan paske w bliye si nou renmen bannann pou peze gaz. Nan fanmi nou, yo aprann nou toupiti pou nou gen lwayote ; paske jan w konnen l kòm paran, abandone pwòch ou, vire do bay kote w soti, vire do bay moun ki te voye w moute kote w rive, se yon zak trayizon. Men se sa ou fè, Ekselans. Moun Nòdès, kote w fèt, Nòdwès, kote w marye, mas pèp la di se « nèg anwo » ou ye, ke fanmi ak zanmi w se boujwa. Yo menm di ou se milat, bon sa-a se yon fason pale, Ekselans. Gen yon lèt k’ap sikile kote w di ou pèdi konfyans popilasyon an, lèt la ka fo men li pa fè manti, Ekselans. Flatè w yo di w ou se yon prezidan lejitim, ki gen tout bagay sou kontwòl: Ayisyen tande w, ou pa nan kache, tout teritwa peyi a sou zòd ou. Moun fè difamasyon sou lòt, men kòm ou la pou ranfòse enstitisyon peyi a, donk nou kwè ke w’ap kore lajistis ki site non w nan rapò pou koripsyon. Metye agrikiltè, se jaden bannann lan ki mete w prezidan ; antreprenè menm se bagy swa, donk pa gen okenn rezon pou w ta di ou se enjenyè ! Konstitisyon an pa mande pou w konn bati kay epi konstwi wout pou w kapab prezidan. 

Konsta ak bilan

Jodiya, Ayiti deja ap viv kondisyon sa yo ; sa se pa manti yo ye, Ekselans :

  • Enflasyon ak lavi chè. Soti jou ou pran pouvwa a nan dat fevriye 2017 pou rive nan mwa jiyè 2019, Enflasyon ak lavi chè a moute disèt wotè ; li soti nan 13.9% pou rive nan 19.1% (daprè yon nòt BRH epi yon rapò IHSI ki soti an jiyè 2019). Nou wè tou se pwodui ki enpòte yo, ke vant nou depann a 80% de yo, epi sitou pwodui premye nesesite ke klas mwayèn lan ak sila ki pi pòv yo konsome yo ki vin pi chè. Pwodui enpòte pase a 20.2%, mayi moulen moute 28%, pen ke malere manje anpil rive 26%, ze 30.6%, kokoye se 25.2%, moso yanm ogmante 31.6%, diri18.4%, vyann 23.4% epi patat 28.1%. Yon ti manje nan restoran vin 24.6% pi chè. Yon etidyan vin bezwen 38.4% anplis pou l achte yon òdinatè, gaz pwopàn ke klas mwayèn lan itilize vin 33.4% pi chè alòske menm chabon malerèz yo, nou konnen klas mwayèn kreve pwa sou chabon tou, bezwen 24% anplis pou kwit yon ti manje, toujou daprè rapò IHSI 2019 la.
  • Depresyasyon. Ekselans, gen yon emoraji ki pran lajan goud nou an. Pou depi w pran pouvwa-a, lan dat 7 fevriye 2017 pou rive 23 sektanm 2019 la, lajan-an soti nan 67 goud 92 santim pou rive nan 93 goud 32 santim. Sa vle di li pèdi 37.4% lan valè li, daprè chif BRH bay. Goud la pa vo zòrèy bourik ankò apèn si li ka ba nou yon zòrèy kabrit pèpè amelyore.
  • Endis Devlopman Imen (IDH). Prezidan, Ayiti klase pami peyi kote moun ap viv pi mal. An 2017 nou te nan 168èm pozisyon sou 189 peyi. Nan ane pase yo, peyi a te toujou konnen yon ti amelyorasyon nan sans sa a. Men lè rapò sa va resi soti pou ane 2019 la, sila ki ka priye, priye pou nou pa pote bak la. Peyi a pa fè yon pa kita, yon pa nago ; okontrè se nan tè n’ap antre. Nou atann ke n’ap desann pi ba nan ane k’ap vini yo si sa kontinye konsa. Nou pa viv lontan, nou pa gen aksè ak swen sante, edikasyon pèp la pa fèt, yo pa gen lajan.
  • Povrete. Mizè pèp la ogmante chak jou pi plis. Sa k te pòv vin pi pòv, klas mwayèn vin fè yon sèl ak sa k te deja pòv. Depi 2012, peyi a te gen prèske 60 % moun ki t’ap viv nan povrete epi prèske yon ka nan popilasyon an te deja ap viv nan yon kondisyon mizèrere, daprè Bank Mondyal. Jounen jodiya, konbyen moun ou lage nan povrete, Ekselans ? Depi 2016, yo te estime chomaj la pi wo pase 70%. Nou pa gen yon chif ekzat pou chomaj la an 2019 la, men nou ka di avèk asirans ke li pa kanmarad sa li te ye nan ane anvan ou moute pouvwa-a, Ekselans. Nou jwenn ke mwens moun travay soti 2017, pase nan 2018 pou rive nan kòmansman 2019 ; sitou nan administrasyon piblik la ak ONG yo, daprè yon rapò IHSI soti an 2019 la.
  • Antre Lekòl. Timoun poko janm ka ale lekòl alòske gouvènman w lan anonse ouvèti lekòl depi plis pase 3 semèn. Non sèlman paran t’ap plenyen yo paka prepare antre lekòl pitit yo, koulye a la-a, lekòl fèmen, tout timoun rete chita lakay.
  • Swen sante : Malad paka jwenn laswenyay depi kriz la akoz wout bloke, pa gen gaz, pa gen doktè, pa gen mwayen. Fanm ansent, sila ki entène, moun ki la pou operasyon nan plis pwoblèm. Pandan kriz la, anplwaye lopital jeremi kriye sekou, voye SOS sou radyo pou vin pote yo sekou pou swen yo paka bay. Yon sitwayen Kabarè kriye pou sè li ki gen tranche men ki pa kapab pase pou al wè jinekològ li nan Pòtoprens oubyen Senmak (https://youtu.be/frlnGMRbP0s ). N’ap tou sinyale ke pri lopital ogmante 21% an plis depi ou moute kòm prezidan (IHSI, 2019).
  • Transpò. Ekselans, transpò a paralize sou tout teritwa peyi a akoz manifestasyon, barikad, gaz la chè a.  Se kèk motosiklèt ki fonksyone men se « tèt nèg ». Sitiyasyon sa gen anpil konsekans sou grangou moun yo, paske yo paka ravitaye yo. Gen kote yon ka gaz te rive 500 goud.
  • Mache piblik.  Peyi a « lòk », se manje sa w fè. Mache piblik ak biznis se swa yo fèmen osnon yo ouvè yon lè konsa. Mache yo pa gen manje epi tou ak ki lajan yo t’ap achte bagay « tèt nèg » sa yo ?
  • Transfè lajan. Menm lè peyi a potko « lòk », se dyaspora ki te konn kenbe nou ak ti transfè. Avèk anwo pa moute, anba pa desann lan, sous la koupe sa k lakoz se souf nou k’ap koupe. Zòn Pòtoprens ak tout zòn gran Sid la ki se kote enflasyon ak lavi chè a te deja pi grav (IHSI, 2019), biwo transfè pa sanse ouvè ditou.
  • Kòlè popilè. Kolè pèp la ap ogmante chak jou nan lari a. Manifestasyon ki te pase 6, 7 jiyè yo se te premye gwo sinyal pèp la te voye ba ou pou w te swa demisyone oubyen chanje direksyon prese prese. Men tan pase, ou jwe ak revandikasyon pèp la, fè dilatwa. Ou tounen yon chanpyon nan chanje premye minis kòmkwa ou ka toufe lit pèp la, fè tan pase, kontinye fè pwomès pou w ka fè 5 an manda w la. Ou tèlman pa bay revandikasyon pèp la enpòtans, se te lontan kraze brize te fè nou pè, ou pèsiste pou bay peyi a yon premye minis ke yo dekriye, ke non l site nan tout kalte zak koripsyon. Dosye 100 000 dola, dosye kabrit Tekzas, dosye lajan leta ki depatcha nan 4 fim yon sèl moun. N’ap mande èske se paske se pa pèp la ki te ba w manda pou 5 an ? Paske si yo bay, yo ta sipoze ka retire l nan men w.  Nou pa bezwen raple ke se 500 000 moun ki te vote w, jodiya plis pase yon milyon moun nan lari, Ayisyen toupatou ap mande w yon sèl bagay : demisyone. Anplis, kisa w’ap dirije ? Ou lan kache, peyi bloke, okenn enstitisyon p’ap mache, peyi a ap antre nan tè, epi ou vle rete sou pouvwa a. Kisa w’ap jere, Ekselans ?
  • Eskandal. Tout bagay sa yo rive sou manda w la : apse sou klou nan dosye lajan PetwoKaribe, ou di w enjenyè, dosye Dèmalòg, kidnaping, dosye mèsenè, dosye kit eskolè, dosye masak Lasalin, eskandal PM Michel ke nou site deja, masak Anbasad Pewou,  gagòt karavàn chanjman kote pwodiksyon an bese nan Latibonit, daprè yon etid FEWS NET mete deyò nan septanm 2019 la.

Moman pou dyalòg la pase, pa gen konfyans ankò; tout aktè di y’ap aksepte dyaloge avèk ou ak yon sèl kondisyon, si ou dakò demisyone. Pouvwa leta yo pèdi tout krediblite nan je pèp la; enstitisyon leta yo febli. Peyi a sou lagraba. Prezidan peyi a ap viv nan kache; ou prèske pa kominike epi lè w pale se nan lè endiy, lè « adyab » pandan 15 minit. Popilasyon an pase ou nan jwèt, yo di se yon diskou zonbi ! Ou pa t ka rive mete yon premye minis malgre ou gen ‘majorite’ nan palman-an. Popilasyon an chanje non ou, yo rele w Prezidan mantè a ; nèg bannan nan pa alamòd ankò paske eslogan sa pa nan vokabilè w ankò. Yo konn eseye rele w nèg kouran an tou pafwa, Ekselans. Koute vwa pèp ou, Prezidan, k’ap di w bay peyi a yon chans. Se tout kouch sosyal, sof manipilatè ak flatè ki dèyè do w yo, k’ap mande w yon sèl bagay : desann pouvwa a. Menm si w panse ou se Sen Sovè, depi pèp la pa vle w dirije l ankò, se aksepte kite sa.

Malè pendye

Prezidan, si w pa koute vwa pèp Ayisyen an, gade gravite sitiyasyon epi tande larezon, w’ap lakòz peyi a tonbe nan sitiyasyon sa yo:

  • Okipasyon. Si ou fè tankou ou pa tande, Prezidan, n’ap mache tou dwat sou wout yon okipasyon. Pa rèspè pou souvrènte peyi a, ke w sèmante pou pwoteje, pou zansèt nou yo, pou dinyite Ayisyen, nou dwe toujou batay kont sa.
  • Kriz imanitè: Si kriz sa dire, peyi a ap toufe, grangou « kloròks », maladi, rate dlo, vyolans riske  ravaje popilasyon an.
  • Moun k’ap sove kite peyi a. Kantite moun k’ap kite peyi a ap ogmante chak jou pi plis. Sa riske kreye latwoublay epi tansyon ak lòt peyi nan rejyon an. Moun deja ap peri nan pran lanmè, Ayisyen deja an difikilte nan kèk peyi nan zòn nan.
  • Gè sivil. Se pa yon bagay pèsonn swete rive ke Ayisyen ap goumen ak Ayisyen; men gen de bagay se lwa natirèl yo ye, depi kondisyon yo reyini yo ka toujou rive. Prezidan, genyen kanmenm yon risk pou yon atak sible fèt paske mizè kreye fristrasyon epi fristrasyon kreye vyolans. Jodiya pèp la idantifye yon sistèm ki pa pèmèt li viv ak dinyite. Genyen twòp koripsyon nan sistèm sa-a ki pa teni kont de moun ki pi pòv yo. Twòp povrete ; klas mwayèn lan sanse vin fè yon sèl ak sila yo ki te deja pòv yo. Nou krenn pou menm ou menm ki nan tèt sistèm sa-a pa viktim si w pèmèt kriz la kontinye.

Aksyon ak pwopozisyon

Sa se pwopozisyon nou fè pou soti nan kriz la epi bay Ayiti yon lòt direksyon

  • ●        Demisyon. Jwenn avèk opozisyon politik la ak tout lòt aktè nan sosyete sivil la pou pèmèt ou kite pouvwa-a san kraze brize. Pèmèt pitit peyi a rive mete an plas yon :
  • Tranzisyon. Nou pwopoze ke tranzisyon sa va gen pou misyon : konvoke epi rekonsilye nasyon an pou rive siyen yon pak gounènablite istorik. Nou panse rejim eleksyon-tranzisyon-eleksyon nou gen la, se anwon n’ap tounen avèk li. Peyi a viv pou eleksyon sèlman, mete moun sou pouvwa pou al fè koripsyon, jwi epi batay pou pouvwa.
  • Pak gouvènablite. Se yon dokiman n’ap gen pou siyen epi respekte l pandan lontan, omwen 50 lane, ki ap gen pou soti andedan yon « konferans nasyonal » k’ap fèt avèk tout kouch sosyal, tout Ayisyen alawonnbadè, andedan kou deyò peyi a. N’ap tabli kisa ki dwe priyorite pou peyi a. Nou dwe gen yon sistèm ki mete aksan sou konbat koripsyon epi bay jistis sosyal. Fòk nou mete nou dakò pou chanje kondisyon lavi sila yo ki se viktim sistèm eksplwatasyon ke nou genyen depi fondasyon nasyon an. Peyi a dwe bon pou tout Ayisyen. Nou p’ap bliye se paske nou paka mete tèt ansanm, se batay pou pouvwa, se paske nou mete enterè pèsonèl anvan peyi a, se paske nou kowonpi, se paske pwoblèm pèp la pa regade nou ki fè nou nan eta nou ye a.
  • Amandman konstitisyon. N’ap ofri peyi a yon konstitisyon ki reponn ak tan n’ap viv la epi ki pral anpeche gen kriz, k’ap voye jete zafè Ayisyen anndan, Ayisyen deyò, moun anwo moun anba, demokrat ak makout, lavalas ak GNBis, dyaspora gwo peyi ak dyaspora ti peyi, moun vil ak moun andeyò, moun ki konn li, moun ki pa konn li. Tout Ayisyen ap gen devwa ak dwa sivik.
  • Refondasyon leta. N’ap repanse yon leta ki adapte, k’ap ka pi efikas, ki p’ap twò lou pou peyi a. Leta ki la koute peyi a twòp lajan pou sa li ka depanse, anpil p’ap regle anyen ki serye. Fòk nou gen priyorite epi aksepte viv selon mwayen nou.

Ekselans, nou espère ke w rete ase sajès pou w fè sèl grenn jès k’ap pèmèt listwa sonje ou : demisyone ; jodiya tout moun gentan ap di ou se prezidan ki plis enkapab non sèlman lan istwa peyi dAyiti men pou lemonn antye. Nou pa vle sonje w sèlman kòm yon prezidan ki te yon maryonèt mantè men tou kòm yon prezidan ki te pèmèt Ayiti chanje tout bon vre. Nou rate okazyon linyon Dessalines ak Pétion an pou te gen peyi nou vle a, nou rate okazyon an 1986 pou nou te pran wout devlopman, jodiya nou gen grenn chans sa-a pou pran desten peyi a an men, pou chanje lavi pèp la epi kite yon peyi ke pitit nou merite e ki ka rann zansèt nou yo fyè. Se pa nan retire kò w, ban m chita nou ye, se pa « ôte-toi que je m’y mette » n’ap mande. Ke sila yo ki gen zòrèy tande !

Gaspard Guetchine agronome, doctorant

Anned-Linz Senadin, Msc

Dr. Newdeskarl Saint Fleur

Pierre-Louis Jean Renaud, Msc. 

1 COMMENT

  1. Peyi a pa pwodui moun sa yo anko. Tonton SOULOUQUE pat nan kriyen dan ak mother fucker ayisyen oswa etranje. Peyi a pa pwodui moun tankou SOULOUQUE anko. Se domaj, peyi a se moun tankou Aristide, Preval, Cedras, Martelly…, Privert ak Jovenel li Kale. Se pa yon aza, nan konsiderasyon nou fe nou di se pa restavek Jovenel Moise ki sel responsab Kriz la. Sa se gwo Verite! Se pa pati politik Verite/Inite Preval la ki nan Manti, kote Joanas Gue, Genard Joseph, Antonio Cheramy, Jerry Tardieu ak Paul Denis dozado. Jovenel Moise te simen grenn pwav Finansman Koripsyon nan mitan yo.

    Tonton SOULOUQUE te telman gen moun nan moun ni, nan fin rey li, li te refize Ed gouvenman fwanse. Jovenel Moise menm tounen FATRA nan men etranje nan bezwen kenbe pouvwa pou l satisfe Ego l tankou JB Aristide. Sa se bagay Malandren, koman yo neg ka bay yon Vot kont Venezuela pou Okabine kenbe pouvwa pou fe ki sa olye pou Pil Petro Dola. Se sel lot Esklav ki ka antre nan logik negosiyasyon ak yon neg konsa sou lobedyans core group.

    Tout Pwopozisyon yo bon! Men gen yon pwopozisyon oken sekte pa janm fe depi 1986 rive jodi a, kijan transfome L’homme Haitien ki bezwen dirije peyi a pou yo sispann Esklav ak Fatra. Si se pa sa, tout Pwopozisyon menmsi yo adopte yo, men pi devan pwal gen pwoblem pou yo Aplike yo.

    An pran 2 Egzanp Esklav ak Fatra:
    1. Jovenel tounen Esklav ak Fatra nan men oligachi ak core group
    2. Yon bon pati nan popilasyon an bat Chalbari deye Jovenel pou tet li pa respekte pwomes pou l mete Manje nan asyet yo ak Lajan nan Poch yo.

    Fas a yon Konsta konsa ki Wol yo opozisyon « Modere » oswa « Radikal » se Kontinye akonpaye popilasyon an nan Himalaya revandikasyon l yo depi pase 200 lane. Men si opozisyon yo se Esklav ak Fatra ki konpoze l, nap Dako, yo pap janm ka rive defann entere popilasyon an ak peyi a. Depi core group menm Pwet Pwet tout ap pliye ke yo.

    Mwen fe ti rale sa tou, pou m montre nou Sitiyasyon an pi konplike ke pwopozisyon tout sekte ap fe yo. Gade sa a: jij Yvikel DABRESIL bay odonans li depi pase 5 lane. Lajistis pa janm mete EN BRANLE kont KOUPAB yo nan Sasinay lavalasyen prevalis Jean Leopold Dominique. Kisa ki fe sa??? Se pa pwoblem Konstitisyon ak lot Lwa ki fe sa. Men se FATRA ki nan pouvwa Jidisye a ki fe sa. Ann pran denye ESKANDAL la, pou kisa tout enstitisyon ki egziste yo pa mete « Action Publique en Mouvement » kont neg kabrit la, Fritz William Michel? Rezon an senp, paske se FATRA yo kap Alimante sistem nan. San m pa pale de FATRA Bredy Fabien, Villard ak Accime.

    A kote pwopozisyon yo, demach la DWE chita tou sou Koman transfome Quasi-Totalite l’Homne Haitien (moun ki nan pouvwa, opozisyon…ak sosyete sivil) pou yo sispann Esklav ak Fatra devan oligachi ak core group. Si se pa sa, nou pap janm genyen yon peyi…

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.