Plusieurs organisations réclament la démission du sénateur Youri Latortue

3
3094

Sèk Gramsci, GREPS, LAKOU, UNNOH, MODEP, MOLEGHAF, GRAD

Pòtoprens, 14 avril 2016

Lèt tou louvri pou senatè konteste Youri Latortue

Mesye Youri Latortue,
Senatè konteste Latibonit

Mesye,

Òganizasyon sendikal, òganizasyon etidyan nan inivèsite Leta a, òganizasyon popilè sa yo elatriye, salye w nan non nasyon an epi pwofite ekri w lèt sila a pou mande w onon lamoral piblik pou w bay popilasyon Peyi Dayiti ak lòt peyi kap gade w, yon ti eksplikasyon sou latriye gwo akizasyon malouk ki fèt kont ou, nan Jounal  »Haiti Liberte » ak jounal  »Le Figaro ».
Jounalis Kim Yves fè konnen :




1- Ou se yon mafia, yon dilè dwòg
2- Ou se youn nan politisyen ayisyen ki pi pisan ak pi kòwonpi ;
3- Ou se yon chèf gang ki gen eskadwon lanmò kap mache fè kò sasinay pou ou ;
4- Ou se yonn nan asasen pè Jean Marie Vincent epi, gen temwen ki te konstate ak 2 nawè yo ke se ou menm menm ki sasinen pè angaje sila a ki t ap patisipe nan batay pou ede peyi nou soti nan move pas ;
5- Ou se tou asasen Georges ak Antoine Izmery 2 komèsan pwogresis ki tap ede moun ki pimal yo.

Anplis, nan Jounal Le Figaro Jounalis Thierry Oberlin nan edisyon 21 desanm 2004 la, ba w ti non jwèt : « Monsieur 30% » paske lè Gerard Latortue alias Gwo Jera te premye minis, ou te konn reklame anlagan 30% pou ou nan kòb tout kontra leta ap bay. Sa se yon gwo zak kòripsyon yo reproche w pami lòt.

Ki demach fòmèl ou te fè pou ekzije jounal ak jounalis sila yo prezante w eskiz piblik yo paske yo ta sanse sal imaj ou anpil anpil? Si w ta ponkò fè demach fòmèl sila yo nou ankouraje w pou w ta fè sa rapid rapid, yon mannyè pou rive lave figi w ki parèt sal anpil anpil akòz ta sanble ponkò gen anyen ki fèt pou rive blanchi w. Wap dakò ak nou, si w pa rive blanchi tèt ou, lave figi w rapidman ou pap gen kalite pou kontinye rete syeje andedan Palman konteste ayisyen an, paske yon senatè Larepiblik, menm lè li ta yon senatè konteste, paka gen sou do li tout gwo manman penba akizasyon sila yo epi pou li ta pretann kontinye syeje andedan palman an toujou. Si nòmalman w klè ak konsyans ou epi w pa yon dilè dwòg, yon kòwonpi dènye nivo, yon chèf gang, yon asasen jan sa ekri nan jounal la, fòk prese prese ou fè tout demach fòmèl yo pou w rive rapidman regle kesyon akizasyon malouk sila yo ki peze lou sou do w jounen jodia.

Gwo akizasyon grav sila yo ban nou tèt fè mal epi twouble lespri nou ak somèy nou anpil. Nou panse, senatè konsteste Youri Latortue pa nou an, ta dwe genyen lespri ak somèy twouble menm jan ak nou. Se poutèt sa nou mande w pote plent si jounalis sa yo pa aksepte rekonèt se manti yo t ap fè sou ou.

Pandan tout gwo akizasyon sa yo ap peze lou sou do w, ou rive jwenn ase kouraj ak odas pou w otopwoklame tèt ou Prezidan Komisyon anti kòripsyon ak etik. Kidonk, mesye senatè konteste, ou pran tout moun nan popilasyon an pou enbesil. Eske w bliye si w te nan palè pandan tout rejim tèt Kale a ap bay ekip sila a konsèy, kouman pou yo gagote pi byen kòb Petrocaribe ya ak lòt? Apre tout tan sa a ou sot pase nan Palè pami gagotè yo, ki kalite ou genyen jounen jodi a ki ta ka otorize w rele konplis ou yo, mande yo eksplikasyon sou gagòt yo te fè? Eske wap rele tèt ou dabò kòm konplis pou vini bay pèp la eksplikasyon sou gagòt patnè w yo nan pouvwa tèt kale a fè nan lajan leta a? Ak ki entansyon w kouri antre tèt ou nan Komisyon Antikòripsyon ak etik, anplis pou w ta vini prezidan l ankò? Eske se pou w ka jwenn yon mannyè pou rive mete men sou tout dosye kòripsyon patnè w yo epi elimine tout dosye sila yo pou ampeche lajistis mete kòd nan kou pa w ak patnè kowonpi w yo? Eske tou, se yon mannyè pou ta rive pwoteje ak lave patnè kòwonpi w yo ?

Ou ta sanble bliye Richard Morse (RAM) ki se bonjan kouzen Michel Martelly te oblije kouri kite Palè nasyonal akòz li te revòlte devan kantite vòl ak kòripsyon ki tap taye banda nan Palè nasyonal. Lè sa a ki kote w te ye, mesye senatè konteste? Ou pat gen je lè sa a pou w te wè menm jan ak Richard Morse Koripsyon sa yo nan palè kote w tap bay konsèy la? Nou vle fè w konprann, popilasyon an pa enbesil jan w panse-l la. Nou konprann ou!!!

Nou pwofite felisite w paske nou tande w di ou te fè Fritz Mevs ekri w yon lèt eskiz epi w te fèl peye w twa san mil (300.000) dola meriken pou difamasyon li te fè sou ou, lè li tal di nan Anbasad meriken isit ou genyen bonjan relasyon ak kèk dilè dwòg kolonbyen epi w tap pare pou w mete kanpe ansanm ak yo yon antrepriz kriminèl nan Peyi Dayiti. Pou kisa, mesye senatè konteste, ou pa fè menm jan an nan ka jounalis sila yo pou ou pote plent pou yo akòz gwo akizasyon yo fè sou ou ? Lè sa ou ta ka rive fè plis pase twa san milyon (300.000.000)?

Mesye senatè konteste, nou panse w gen 2 chwa se oubyen ou trennen Jounalis sila yo douvan lajistis si w estime yo ta fè manti sou ou. Lè sa a wap demisyone pou ou tann yo blanchi w anvan ou tounen ankò nan palman an, oubyen si w pa ta anmezi pou trennen yo douvan lajistis, lè sa a wap oblije mete w rapidman disponib pou lajistis. Annatandan, Mesye senatè konteste, ou pa gen kalite pou w ka kontinye syeje nan palman an ni nan okenn komisyon ale wè komisyon Antikòripsyon ak etik la.




N ap fini pou fè w konnen, jan pwovèb la di sa lafimen pa leve san dife. Si se vre ou ta gen eskadwon lanmò, n ap pwofite fè w konnen nou lage nan men w, lavi tout dirijan, manm òganizasyon ki siyen lèt sa a ak tout lòt kanmarad k ap kontinye denonse move zak ou nan peyi a pou w kontinye kenbe Pèp la nan mizè, malsite ak move lavi.

Oganizasyon ki siyen yo :

Cercle D’Etudes En Littérature Gramscienne (Sèk Gramsci) / Walner OSNA
Gwoup k ap Reflechi sou Pwoblèm Sosyal yo (GREPS) / Frantz Junior Mathieu
LAKOU / Sabala Calixte
Union Nationale Des Normaliens D’Haïti (UNNOH) / Josué Mérilien
Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) / Guy Numa
Mouvement De Liberté, d’Egalité Des Haitiens Pour La Fraternité (MOLEGHAF) / Oxygène David
Gwoup Rechèch ak Apui pou Devlopman Kolektivite Teritoryal yo (GRAD) / Yvton Louis

Kopi konfòm pou :
– Biwo sena konteste a
– Laprès

 

 

3 COMMENTS

  1. Poukisa nou par signin ????????????????rat pa kk pito. Sa sa nou Yé. Moun pa beswen zanmi Youri latortue pou yo konin nou. Neg Rodrigue Millien c you San avé kap ampeche peyi a mâché de pi longtemps . Ban diffamateurs professionnel ban San ronte! Ban makak! Nou lèd nou freken. Se nou kap Sal peyi a, ban fatras

Répondre à Maie Cancel reply

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.