Lespwa lanmou : yon kout pè zo byen monte

0
712

yon tèks Iléus Papillon

Madi 5 oktòb 2021 ((rezonodwes.com))–

San fè bri, kòtèj ak sirèn, nan mwa oktòb 2019, yonn nan majòjon Sosyete Koukouy Kanada yo, Michel-Ange HYPPOLITE (Kaptenn Koukouwouj) depoze nan plamen nou: Lespwa lanmou. Pretèks pou lanse yon envitasyon pou nou vin dekouvri yon nonm k ap esperimante lanmou, lapèn, desespwa… nan fason pa li anndan menm parantèz la. Nan zèv sa ki gen 65 paj, Sanmba Michel-Ange montre nou tout kalite defi lavi ka mete devan li. Defi pou rete an amoni ak lanati, lavi, peyi li, vil nesans li, fanmi li, elatriye. S on bèl egzamen.

Nou pa bezwen okenn gwo linèt pou nou ka wè se yon rekèy ki chaje pwomès. Poudayè, Pascale MILIEN-FAUSTIN, manm Sosyete Koukouy Connecticut (Etazini), yonn nan pèsonaj ki salye travay li sila fè konnen, Lespwa lanmou se yon koleksyon pwoz powetik ki chaje ak anpil pawòl doub sans ki ka teke fren yon lektè epi fè li chita sou dodin larefleksyon.» Se pa yon gason k ap tranble ki ekri liv sa. Kaptenn Koukouwouj pa yon kannannan. Li espoze lavi a jan li viv li nan glas ki devan li. E chak tèks gen pouvwa pou desann tansyon tout lektè k ap prese fin li avan lòt.

Kaptenn Koukouy montre nan Lespwa lanmou kijan, malgre tout distans ki ka separe yon moun ak peyi li, anyen pa chanje antre yo nan sa ki gen pou wè ak souvni, emosyon, pasyon, abitid ak renmen. Otè a pa nan yon dinamik voye wòch kache men. Michel-Ange fè nou kado yon zèv kote lanmou pou peyi li, pou fanm li renmen (an/yo), pou fanmi li, pou vil kote li te grandi a ap taye banda. Lanmou ap pete plafon nan tout kò pwezi a. Lanmou ap danse je fèmen. Lanmou depoze kazèn li nan de plamen Hyppolite.

Tout kò liv la se chalè, kontantman, doulè, nostalji, espwa ak lanmou. Men se yon operasyon yon dous, yon cho paske move nouvèl ki fè mikalaw nan peyi a pa kite sitwayen viv lanmou yo te toujou reve a. Men yonn nan bèl fason nou ka gade lavi a ki parèt ak tout asnal li sou nou. Se vre n ap fòse viv nan yon peyi k ap patinen, fòk nou toujou sonje tou, lavi pa janm fin dous nètalkole, okenn kote.

Se vre tèks ki louvri liv la se «Alo! Pòtoprens», Pòtoprens, yon vil k ap fè otè a lafilalang, sa pa anpeche Michel-Ange fè yon temwanyaj enteresan lè li di li menm ak vil Pòtoprens se yon «pè zo byen monte.» Pòtoprens se vil danfans powèt la. Se pou sa, nenpòt sa ki rive, vil la toujou ap dodomeya nan lespri li kote li ye Kanada. Toupatou Michel-Ange vle rapousuiv vil la. Erezman gen lapawòl ki se sèl chans powèt la genyen pou fè egzèsis sila. Kaptenn monte sou zèl lapawòl pou vin bobo vil Pòtoprens. Nou ka toujou mande si se Pòtoprens jodi a oubyen Pòtoprens ki te konn fè twalèt deba li detanzantan…? Antouka, menm si kounye a, nan Pòtoprens tankou pwovens vòlè ranplase lougawou, Michel-Ange HYPPOLITE rete fidèl a vil Pòtoprens. Se lanmou k ap manifeste. Pa gen mal nan sa.

Pi lwen, pandan plimeyank lan pase salye memwa «Anakawona fanm vanyan» nan paj 12 liv la, nou tonbe sou yon pwezi dous pou dous kote kreyatè a mete nou anfas yon kalite imaj wòtpòte. An nou gade:

«Anakawona etensèl limyè / Sou kansyans andòmi / Ranmase santiman debride / Nan pli kapris tan an…»

Nou ka wè anyen pa kanpe kous Michel-Ange HYPPOLITE pou ateri sou modèl peyi li renmen an: yon peyi mèvèy, bèlte lalin ak solèy. Se fòs zantray li.

Yon lòt bò, Hyppolite limen pwojektè sou Kristèl. Petèt se pou «kontinye reve inosans.» Men otè a fè nou sonje «rèv ki jèmen anndan pote frajilite nan zepi solèy ki ap chante lavni.» Nou pa konnen si Kristèl gen tan li powèm sa. Toutfwa, nou espere sa. Nou ta renmen wè vizaj Kristèl k ap li bèl tablo ki pote non li an. N ap di ou Kristèl «abiye rèv ou bèl» se sa Michel-Ange HYPPOLITE konseye ou. Pou bote ak gangans Kristèl, Michel-Ange kwè «latè bezwen limyè.» Sanble tout jan, Michel-Ange deja genyen pari a. se de (2) kè ki louvri.

Pwoz powetik sa fè nou wè tou kijan Michel-Ange HYPPOLITE ap fè rantre soti ant koutje sou peyi li, Hayti, souvni lakay, yon bèl nègès ki mache nan rèv li ak zetwal k ap fè li je dou.

Lespwa lanmou pa kite moun ki li l deja san reyaksyon. Pou powèt, mizyen ak womansye Frantz «Kiki» WAINWRIGHT, manm Sosyete Koukouy Miyami, Michel-Ange HYPPOLITE «gen anpil nostalji pou yon paradi li te konnen… Souvnans ayè tranpe nan myèl, reyalite jodi gen gou fyèl. Li ap pataje rèv li pou yon demen miyò. Pou Kiki, liv sa s on bèl bouke lespwa. Ekriven an rete kwè demen ka pi bèl si nou kòmanse aprantisaj renmen an.

Boutofen, nan tèks ki rele «Flè solèy» la, son powèt ki byen manche plim li pou koud yon tèks ladouskivyenkenèp. Michel-Ange ekri: «Ou se fòs trankil ki pliye nan vètij van.» S on imaj doubvitès. Yon ekriti dansekole ak bèl imaj, yon mizikasyon k ap karese zòrèy san pran poz pou «pliye nan vètij van…» Ekriti a tou raple nou powèt la te byen vise dèyè li pou li kanpe tèks sila. Kounye a, kòm vwayaj se detant, Michel-Ange HYPPOLITE envite nou vwayaje nan Lespwa lanmou. Sèl garanti nou genyen depi opa, nou pa gen dwa retounen sèch.

Iléus PAPILLON

Lespwa Lanmou

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.