Kisa asistans entènasyonal la pote pou nou?
Pandan kriminèl asasen ap ansèkle epi trangle kapital peyi a, KPT, primati, lapolis, epi fòs polis miltinasyonal yo montre yo tout enkapab pou bloke avansman gang teworis asasen kriminèl yo, alewè pou elimine yo. Chak mwa se plizyè santèn viktim ki tonbe anba bal asasen yo, se plizyè milye moun ki blije kouri kite kay