OPL, AAA, Fusion, Inifòs, Inite, Mochrena, Verite, Veye Yo ak Sektè Demokratik la deklare KEP tèt anba Jovenel Moïse la ap mouri nan pasaj

1
1439

L’international, après les Duvalier, crée un nouveau petit prétentieux dictateur en Haïti

Pòtoprens, 21Septanm 2020 ((rezonodwes.com))–

Nou Pati  ak Òganizasyon politik k ap travay pou konstwi demokrasi nan peyi a yon mannyè pou ofri pèp ayisyen yon Leta ki kapab kwape chomaj, grangou, vyolans ak malsite tout kalte;

Nou Pati ak Òganizasyon politik ki pran pozisyon piblik ansanm anfas rejim PHTK a ak alye li yo k ap demantibile plis chak jou tout enstitisyon peyi a, nou choke anpil devan zak dèyè do lalwa Prezidan Jovenel Moise poze nan lanwit 18 Septanm 2020 an ak arete No 151/175e Ane, ki parèt nan jounal Le Moniteur,  ki ofisyalize, nan atik 1e li, non 9 manm yon KEP, Konsèy Elektoral Pèpè, ki vyole atik 289 Konstitisyon peyi a, ki rekonèt yon sèl fason pou deziye manm KEP annatandan yon Konsèy Elektoral Pèmanan kanpe. Atik 2 arete sa, ofisyalize misyon KEP dezagreman an nan ba li manda:

1.- òganize referandòm pou bay peyi a yon lòt Konstitisyon;

2.- òganize eleksyon lokal, minisipal, lejislatif ak prezidansyèl;

3.- òganize eleksyon pou tout lòt pòs ki ka vin lib, annatandan mete kanpe yon Konsèy Elektoral Pèmanan.

Nou denonse Prezidan Jovenel Moïse ki kontinye ap vyole Konstitisyon peyi a epi kreye kondisyon pou kriz la agrave. KEP tèt anba sa mouri nan pasaj. Li fèt sou vyolasyon Konstitisyon an; li gen manda pou al kontinye vyole Konstitisyon an, ki li menm, nan atik 284.3 li, di: « Toute consultation populaire tendant à modifier la constitution par voie de référendum est formellement interdite. »

Pati ak Òganizasyon politik yo sezi wè kijan ak Arete enkonstitisyonèl, ilegal sa, Prezidan Jovenel Moïse pwouve li se yon diktatè, ki kwè li gen tout pouvwa aprè Bondye. Li kapab fè sa l vle, jan l vle san respè pou lalwa depi enterè  patwon  l  yo  pa  menase.   Nasyon  an  dwe  rete  veyatif  anfas  Prezidan  Jovenel  MOÏSE  k  ap  planifye vyolasyon atik 284.4 Konstitisyon an ki entèdi tout amandman ki ka deranje karaktè demokratik ak repibliken Leta a.

Prezidan Jovenel ki konnen manda li ap bout 7 Fevriye 2021, li bezwen bay tèt li plen pouvwa, jan li bay tèt li pouvwa  kreye  sektè  nan  sosyete  a,  san  pèsonn  pa  konnen  ki  gwoup  òganize  ki  anndan  sektè  sa  yo,  ki òganizasyon ki deziye moun ki pou rantre nan swadizan  KEP a ak 9 endividi san lejitimite. Mannèv mouche Jovenel Moïse la vle mete n devan yon blackout politik total kapital epi anfose peyi a nan katchouboumbe.

Pati ak Òganizasyon Politik yo pran ak, diktatè Jovenel Moïse pa ezite  pase  konstitisyon an anba pye l avèk yon senp mezi reglemantè pou l fè dappiyanp sou pwosesis elektoral la, kontwole l jan l vle, chwazi moun li vle pou  rive  sou  pouvwa  a,  bay  rezilta  li  vle  nan  kad  yon  eleksyon  malatchong,  eleksyon  pike  kole,  eleksyon seleksyon li menm ak mèt li yo deside pou malè Ayiti.

Nou konstate aprè konfyolo kat idantifikasyon nasyonal  Dermalog-Martine Moïse la, nouvo diktatè ayisyen an franchi avèk Arete de grenn gòch sa a dezyèm etap plan makab li genyen an pou bay panzou epi dechalbore tout enstitisyon nan peyi a, kraze tout pwogrè pèp Ayisyen an rive fè nan konstriksyon demokrasi pou peyi a pandan 34 dènye lane sa yo.  Jovenel Moïse pwouve li se yon danje pou avni demokrasi ak devlopman tout moun reve pou Ayiti a.

Jounen jodia, pwojè diktatoryal la klè, Jovenel Moïse pa kapab maske ankò. Se pa de atik nan Konstitisyon an li voye jete:  Atik 284-3 ki entèdi referandòm sou Konstitisyon nan peyi a, atik 136 ki oblije Prezidan repiblik la respekte, aplike epi fè aplike Konstitisyon ak tout lwa peyi a, atik 150 ki di prezidan pa kab bay tèt li plis pouvwa pase sa Konstitisyon an ba li. Dènye aksyon deregle sa, rann Prezidan Jovenel MOÏSE koupab pou krim trayizon kont Nasyon an daprè atik 21 manman lwa peyi a.

Pati ak Òganizasyon politik ki siyen nòt pou laprès sa kondane ak kout fòs yo, zak maspinay Jovenel Moïse ap tante fè sou peyi a epi mande li prese prese antre Arete lawont sa.

Kou sa pap pase!

Pati ak Òganizasyon politik sa yo deside batay ak tout fòs yo pou bloke pwojè koudeta eletoral PHTK a pandan yap mande tout demokrat, tout patryòt nan peyi a mache kontre prese prese pou di Jovenel Moïse NON! Epi ba l repons dènye provokasyon sa a merite.

Viv demokrasi ak pwogrè pou pèp Ayisyen !   Viv Ayiti !

Pou Pati ak Òganizasyon Politik yo

Edgard Leblanc Fils               Edmonde Supplice Beauzile               Sadrac Dieudonne

OPL                             PFSDH (FUSION)                         MOCHRENHA

Kénol Mathieu Paul Denis                             Marjory Michel  

VEYE YO                                     INIFÒS                                       SDP

Youri Latourtue                       Génard Joseph Sorel Jacinthe

AAA VÉRITÉ INITE
       

1 COMMENT

  1. Pou AYITI

    Mwen pa kont oken Salopri kap goumen kont parey yo Martelly, PHTK ak Jovenel Moise. Nan dat 28 novanm 2010, yon pati nan votan yo te vote Michel Joseph Martelly yo te panse misye ta pwal vini ak yon fom Gouvenans ki pa sanble menm ak BAGAY yo rele Lavalas la. Se poutet sa le Opinyon Piblik MAWOZO a (moun Aristide, Preval, Privert, Celestin ak Ceant) tap di Martelly se Vagabon oswa Chawony, konpatriyot yo ki te pare pou y al vote Martelly te reponn moun Payas yo: banm Vagabon m, banm Chawony mwen. Rezon an senp, le tout « pati politik » sa yo ki pran pozisyon sa a tap byen mennen nan marasa Aristide/Preval, kondisyon lavi pa yo pat janm chanje. DAN konpatriyot yo te Toujou kroke nan Klou.

    Gade koze Kredi, « … pou bay panzou epi dechalbore tout enstitisyon nan peyi a. » Michel Joseph Martelly ak Jovenel Moise rive sou pouvwa yo jwenn tout Enstitisyon yo DECHALBORE deja ak 99,99% Karyeris/ Moso Moun ladan yo. Fas a yon Konsta konsa, kouzen sikonstans Martelly/Jovenel te gen 2 Chwa:
    1. Kontinye nan Rout Pedisyon Lavalas la.
    2. Tounen 2 Bon Patriyot, pa itilize YOURI LATORTUE, DANIELLE SAINT-LOT… ak DANIEL SUPPLICE kom Karyeris/Salarye, fe yo tounen 2 Patriyot menm jan ak yo pou mete Tren ETANASYON an sou Ray.

    Martelly/Jovenel chwazi pito Rout Pedisyon Lavalas la. Yo pouse menm Movez Gouvenans ak yo, epi yo mete DEGI pa yo, se Nomal.

    Mwen konte nan 9 pati ak oganizasyon politik sa yo. Gen 70% ladan yo se DIVIZYON ki kale yo, se menm yo menm nan. Yo gen menm Pratik Politik: AGANMAN. Yo se Kabrit Tomazo, menm Plim menm Plimaj.

    Fusion, AAA ak Mochrena reprezante 30%. Fusion mwens Fatra ke OPL. Senate Edmonde Supplice Beauzile te Refize vote pwezime Madoda Michele Duvivier Pierre-Louis kom PM, li te di Fwa Kretyenn li pa pemet li fe sa. Paste senate Andrys Riche (OPL) ak kolej li Joseph Pierre-Louis (OPL) te vote Madanm Pierre-Louis, prevalaseman pou sa gate pi devan… E paste Chavannes JEUNE te fe anpil pwopagann pou yo vote pwezime Madoda Michele. Nan moman an, tout paste yo te voye BIB yo jete pou bon jan Kichoy nan men madanm Pierre-Louis.

    AAA tounen imaj met li. Lajan fe anpil neg AAA vire do bay Youri Latortue. Y al jwenn Jovenel Moise. Gen kek lane, Mochrena pa kanpe sou Anyen, depi Amiot « Cubain » Metayer te manke sasinen lide l LUC MESADIEU pou fe JB Aristide plezi. Men Endijen te mennen Metayer koute rezon. Mwen te sove paste Mesadieu. Konpatriyot Jean Leopold Dominique, Mireille Durocher Bertin… ak Monferrier Dorval pat jwenn yon bon samaritin pou ki te sove lavi yo.

    Mwen renmen sa net tou wi, « tout demokrat, tout patriyot nan peyi a. » Menm « demokrat ak patriyot » sa yo te nan manje nan menm Bol ak marasa Aristide/Preval. Apre yo te tonbe nan Mache Prese Prese pou yo te konbat FO demokrat Aristide/Preval. Tout « demokrat ak patriyot » sa yo pa janm pran leson Pou Yo kite fe Divizyon ak Trayizon pou yo monte 2 ak 3 bon pati politik ki gen yon Liy Politik ak Ideyolojik. NON, yo FREFERE rete nan Liy Pye Gaye, sevi ak « pati/oganizasyon politik » yo pou cheche DJOB ak LAMANJAY nan « gouvernement de consensus. »

    Aye, marasa Aristide/Preval te fe Malpwopte pa yo ak peyi a, pase figi yo tout nan gwo pil kay madanm Vikto’. Martelly fe yo menm bagay la. Jodi a, se kou pa Jovenel Moise. Bwa Mare, tout neg ak neges bezwen fe tet ansanm ak koalisyon konjonktirel.

    Annatandan Jovenel Moise ap vanse tet dwet. Jovenel Moise di demen pap di l, jan Rene Preval te jwenn yon Martelly pou ki te Pwoteje l. Nan vanse Tet Dwet li plis seten toujou lap jwenn Chans li tou pou yon moun pwoteje l kont tout pouswit jidisye. Jovenel Moise dwe di tou li pa pi Malfekte ke marasa Aristide/Preval fok li jwenn Chans li… Sakalakawel.

    Temwen istorik

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.