Claudy Donet : Ayiti ka fè l ankò …

1
347

Vendredi 3 juillet 2020 ((rezonodwes.com))– An 1803, Lafyèv jòn, kout poud, pwazon, pwa grate, dlo desann ak loray te bay Lame endijèn gwo avantaj sou eskadwon lanmò kolon yo ki te vin jouke esklavaj nan Sendomeng. Malgre gwo zam, chwal, chen michan ak dènye teknik militè lame espedisyonè a te genyen, li te bat ba devan yon pèp pye atè, bouda chire, do touni ki te vle viv lib osinon l mouri.


Lakoloni te yon simityè kote vivan ak kadav melanje. Esklav yo t ap viv sou fwontyè lavi ak lanmò, yon bat je: ayèmtewèw.


Nan kouri pou baton, fè cho, pann, rache janm ak koupe tèt, esklav yo kwaze ak lanati ki louvri gwòt, rakbwa ak tèt mòn ba yo kache. Yo mawon sistèm lanmò a ki te derasinen endyen yo.
Se konsa Lanati pral makonnen fòs li ak nanm yon pèp k ap soufri pou chèche libète. Lagè lendepandans deklare: Goliath tonbe devan David. 


Alyans lanati ak moun akouche AYITI an 1804; zanmitay ak pouvwa fèy, boujon, ekòs, rasin ak grenn bwa se pi gwo gany pèp ayisyen eritye. Yo te la nan batay kont opresè yo: kout poud, pwazon, pwa grate, machacha. Yo la pi rèd nan rezistans anfas kolonizasyon modèn ki fè lavi tounen machandiz. Yo avili loksidan kapitalis k ap lote lasante 2 pou gouden.


Istwa pèp ayisyen pwouve konesans fèy, boujon, ekòs, rasin, grenn bwa ak pawòl ki reveye nanm yo, se kle:
– PA JANBE konbat lougawou;
– Amwaz, ave, lachòy, lomaren, dèyè do, asowosi, lalwa, lila konbat Kowona viris;

AYITI gen remèd pou dyòk, koklich, pyè nan ren, vant mennen, zègrè, kout lè, lapipi, pèdisyon, dyòl pa gou, malkadi. Fèy, rasin, boujon, ekòs ak grenn bwa geri 101 maladi. Yo geri, touye, toudi, leve mò. Istwa pèp ayisyen makonnen ak lanati. 


Zòt te di:- « ti bouch pa gou » a se Kowona!- « ti pa ka pran sant » la se Kowona!- « ti kò kraze a, gòj fè mal » la se li!- « ti lafyèv ki deyò a pa lafyèv »!- « ti malèz k ap touye moun nan se Kowona! »


San gwo Lopital, san vantilatè, san gwo koze tankou hydroxichloroquine, oxygénothérapie, …, pèp ayisyen rezoud pwoblèm sa yo ak remèd natirèl ki se makonnay Pawòl ak Lanati, san yon gout dlo nan famasi.


AYITI se yon gwo peyi ki malerezman gen tradisyon ti dirijan piti zwit k ap jere Leta an ti visye, ak ti vizyon, ak ti rès, vye tikras; otorite ki mare nan pye tab kolon modèn laboujwazi kale pou simen fènwa chak fwa pèp ayisyen pran chemen listwa ak kilti li, ki se wout libète ekonomik ak sosyal. 


Kowona viris la montre pèp ayisyen li gen fòs. San tès depistaj, san konfinman, san karantèn, san izòlman, pye a tè, bouda chire, toutouni li ka chavire chodyè a ak tout esklav domestik yo, kolon yo, rasis yo ak metwopòl la.

Claudy DONET
pou yon 2e repiblik

1 COMMENT

  1. Se yon bon Refleksyon, men kom Temwen istorik mwen vle fe kek Rale sou li. Sa a byen tonbe, « Alyans lanati ak moun akouche Ayiti an 1804. » Anpil « entelektyel » ki rayi papa Dessalines pou fe Kolon Rasis plezi toujou renmen di LAFYEB JON nan te kontribye nan defet lame espedisyone a Rasis yo. Epi se menm entelektyel Komokyel sa yo ki renmen fe KOB nan komisyon pwezidansyel kk ak nan pouvwa tranzisyon meleyis meleye pou ranje Kabann pou Domestik ki rele Rene Preval ak Jovenel Moise. E menm « entelektyel » sa yo te aplodi ANBAGO… ak OKIPASYON komkwa pou mennen Carl Lambert « demokrasi » tounen. Mwen pa vle di gwomo nou konprann. Nan non Jean Leopold Dominique ak Chime yo, JB Aristide pat pran tan pou l te montre yo sa yo rele demokrasi. Entelektyel Komokyel met kontinye pale sou papa Dessalines ak Papa DOC. Mwen bay nenpot entelektyel komokyel DEFI fe yon emisyon nan yon estasyon radyo nan Potoprens pou yo pale sou ECHEK marasa JB Aristide/Rene Preval ki mennen peyi a nan wout « Shithole » la, nan detan twa mouvman li ta pwal jwenn Mireille Durocher Bertin, Brignol Lindor…. Guiteau Toussaint ak Oriel Jean.

    Ti mari pa monte, ti mari pa desann. « Roch nan dlo pwal konn doule roch nan soley » kale « ti res la se pou pep la. » Nan menm logik pase moun anba latrinn, « analfabet pa bet » kale « tet koden/tet kanna. » Men degi a, « premye fwa pep la jwenn tout bon vre. Ede pep. Haiti ap vanse. »

    Eksperyans sou plizye lane montre pa gen Jenerasyon britsoukou. Se pa yon aza, Aristide/Preval… ak Martelly/Jovenel se kolon rasis ki sou plas yo ak kolon rasis ki nan metropol la yo sevi olye peyi a.

    Se posib, « Ayiti ka fe l anko, » men nou gen pwoblem MOUN. Gade jodi a, sa yo re moun ki vle deboulonnen Jovenel Moise ak zagribay PHTK, yo se esklav yon lot klan nan oligachi kontrebandye rasis la.

    Yon pati Jounalis nan peyi a ap fe Kob nan pouvwa a. Yon lot pati montre akle yo nan deboulonnay ak opozisyon deye chire a. Menm jounalis deboulonnay yo te nan Aristide. E se menm jounalis sa yo ki te bezwen fe Petro Sogener Rene Preval pase pou yon bon pwezidan nan je « Analfabet pa bet » yo. Jounalis sa yo se alye yon klan nan oligachi a.

    Depi Blan etene, tout ESKLAV nan opozisyon ak sosyete sivil la OBEYI. E se sa menm ki fe Jovenel Moise kontinye kwoke nan pouvwa a. Mwen pap sispann afime, poko gen Altenativ…

    Temwen istorik

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.