Yon lèt tou louvri pou Mèt Samuel Madistin

0
724

Samedi 7 décembre 2019 ((rezonodwes.com))– M ap kòmanse danble pou m di w, chè mèt, ke entèvansyon ou fè jou ki te 21 novanm lan nan emisyon Le Point sou radyo metwopòl, si nan entansyon w se te pou fè obstak ak mouvman sendika lapolis lan, eben chè mèt, ou ka bat yon gwo bravo pou tèt ou, paske entèvansyon w lan jisteman se tankou yon gwo kout loray ki tonbe sou tèt pwojè sendika sila. Se yon « majistral  » entèvansyon ki definitivman paka pa rann mouvman kazwèl. Kidonk, rèv sendika, ke gwo majorite vilnerab nan lapolis lan ap karese depi kèk tan, pran yon gwo kou nan men yon gwo bout tonton mèt ki pase prezantasyon nan ezans li ak elokans li pou li plase  » le mot du droit « . Re-bravo chè mèt !

Pa enkyete w chè mèt, foli mw pa rive lwen ase jiskaske m ta pèdi jekwazandye m pou m ta kontrekare entèvansyon w lan sou teren lalwa. Mw pa menm kwè gen anpil avoka sou beton an la ki ka fè fas kare sila, alevwa pou yon  pwofàn tankou m. Dayè, pou m onèt avè w, mw te plis soufri toujou pandan entèvansyon w lan difèt menm ke mw te oblije rekonèt jistès ak pètinans tout lojik ou t ap degaje yo. Se tankou yon viktim ki retwouve l nan penib sitiyasyon sila kote ke  li oblije rekonèt byenfonde tout zak vyolans ak tòti ke bouwo an ap egzèse sou li. Tankou ou di li : << Fòk nou pwoteje Leta >>. 

Angwo, tout pledwaye w lan, tout bèl anvole w yo te gen yon sèl fil kondiktè : pwoteksyon Leta. E nan kad pwoteksyon Leta sa, notamman nan yon peyi ki pa gen lame kou Ayiti, ou estime ke lapolis jwe yon wòl vital. Anfèt, lapolis ayisyèn lan se veritab twa wòch dife ki sipòtè chodyè Leta ayisyen an. Kidonk, chè mèt, pwoteje Leta ayisyen enplike otomatikman pwoteje enstitisyon lapolis lan, pa vre ? E se jisteman nan nivo sa, otè lèt lan santi li an dwa, sou tèt prèske yon ka syèk nan ekzistans li ke l sakrifye bay lapolis lan, pou li keksyone nivo angajman sosyete an, e menm nivo angajman sitwayen pa w, chè mèt, kòm kreyatè lwa sou lapolis lan… Ki nivo angajman reyèl ou, chè mèt, pou w te anpeche ke enstitisyon sa pa t rive nan sitiyasyon sa kote ke li oblije rabese tèt li nan fè manifestasyon pou fè revandikasyon l pase ?

Entèlektyèl ayisyen an gen yon fason pedan pou li konfonn denonsyasyon ak angajman. Angajman li strikteman rezime a etalaj konesans li sou yon sijè. Ou imajine w, chè mèt, entranzijans sa ke w afiche kont pwojè sendika lapolis la, ou imajine w ou te afiche menm entranzijans sa, menm foug entèlektyèl sa kont move kondisyon materyèl egzistans polisye yo ! Èske w konnen chè mèt ke rapò yon ajan polis ak nenpòt siperyè yerachik nan lapolis lan se tankou rapò mèt kay ak restavèk ? Yon ti jèn ki rantre nan lapolis jodi an la, ki garanti li genyen ke aprè 25 lane l ap ka atenn, pou pi piti, grad enspektè nan lapolis la ?

Anpil nèg ki pwal gen 25 lane nan lapolis lan la, ou konn ak ki sa yo redui, chè mèt ? Yo tounen resepsyonis nan direksyon general lapolis lan. Yo menm arive, kòm enspektè polis, ap ekzekite nòt sèvis ke yon ajan 2 siyen kòm chèf sèvis ! Èske w janm poze tèt ou keksyon kòman yon polisye ki gen yon fanmi 2 pitit viv ? tandiske menm polisye sa ap sibi chak jou vyolans moral ekzibisyon richès gwo otorite nan menm enstitisyon an ? Kòman w konprann fenomèn sa, chè mèt : pou ene pwomosyon direktè general lapolis lan retwouve l ak grad senp enspektè toujou ?

Lis revandikasyon an long chè mèt. Sa te ka pran m tout yon liv. Toutfwa, mw vle pataje avè w dènye fè sila, ki tradui nivo vyolasyon sistematik dwa moun k ap fèt chak jou sou polisye pandan ke ou menm, ak bouch ou, prezante polisye a kòm premye garan dwa moun. Ensidan sa pase nan lakou akademi polis lan ant direktè akademi an, komisè divizyonè Bernard Elie, e yon jèn polisye 25èm pwomosyon ki te fòmatè anndan akademi an. Ou imajine w, pandan ke polisye an byenn abiye ann inifòm, pou direktè akademi an trete polisye sa tankou yon vilgè stajyè e ke li mande li pou li kouche atè a, mete l nan pozisyon pouchòp !

Nan kòmansman, polisye a tonbe ri, li panse ke direktè an se blag l ap bay. Se lè polisye an  remake se pou tout bon, li pete koken e li refize kategorikman ekzekite lòd direktè an. Devine ki sa ki rive polisye an, chè mèt ?  Direktè an transfere l lapoula Pòdepè, kòm pinisyon. Ki enstans, daprè ou menm chè mèt, ki la pou l defann polisye sa ? Enspeksyon general ? Oubyen petèt sosyete an, atravè gwo lam avoka tankou w ? Malerezman non, chè mèt.  Baz lapolis lan se yon kategori nan enstitisyon an ki totalman livre poukont li, san defans.

Jan m di w nan kòmansman lèt lan, chè mèt, agiman jiridik yo se pa de desounen yo pa desounen mouvman sendika, men, toutfwa, nou te toujou ka karese yon ti mòso lespwa. Sepandan, kote ou pwal sòti pou w antere mouvman nèt se lè ou reyalize ke li pa sifi pou se pwononse w ap pwononse lwa sèlman sou tèt mouvman e ke ou deside an menm tan danse lwa tou sou do mouvman  : paske, ann antann nou chè mèt, yon fwa ke w rale zèl kat sa ki ta vle fè kwè ke mouvman sendika lapolis la ta gen pou wè ak yon kèlkonk sektè mafya nan lapolis lan, an sipè avoka ke ou ye, ou konnen trè byen pa gen dlo ki ka lave mouvman sila e ke ou antere li tou vivan. Kout zèl kat sa tiye tout lespwa gwo majorite pitimi-san-gadò nan lapolis lan pou yon jou yo ta gen yon enstans k ap defann dwa yo reyèlman.

Antouka, chè mèt, nan ka ke vyolasyon dwa moun ak reprezay ke polisye yo ap viv kotidyènman pa ta rive konvenk ou sou sitiyasyon dezespere yo pou yo gen yon sendika, mw ekzòte w konsidere reprezay ke polisye yo riske sibi e kouraj ke sa mande pou yo antreprann yon mouvman parèy. Yo riske transfè, yo riske revokasyon, yo riske lanmò. Bilan asasinay trèz polisye pou sèlman kòmansman ane a riske miltipliye. Dayè, nan moman m ap ekri lèt sa la, chè mèt, anpil transfè ap fèt la nan lapolis lan sou fòm reprezay. 

Nan sans sa, chè mèt, objektif lèt mw an se mwens yon objeksyon a entèvansyon w lan kòm avoka ke yon apèl a angajman reyèl ou kòm defansè dwa moun. Mw ka konprann ke w vle rete koyeran ak slogan kanpay ou ki se << yon Leta fò >>, men èske se sou menm baz lan ou vle ranfòse Leta sila ? Anfendkont, ki mesaj reyèl ou pou polisye yo ? Paske, si se vre ou defann Leta san rezèv, mw pa vrèman wè ki pòt sòti ou kite pou polisye yo. Se vre ke, sensèman, ou se youn nan ra pèsonaj ki merite vòt mw nan peyi an, men èske polisye yo ta sipoze tann lè w rive prezidan pou Leta trete yo tankou moun ? Franchman, chè mèt, nan kondisyon Leta sa ye la, mande polisye yo pou yo abandone pwojè sendika a sou pretèks pwoteksyon Leta, se tankou w te mande esklav Sendomeng yo pou yo abandone soulèvman an sou pretèks pwoteksyon sistèm esklavajis lan.

W ap ekskize m, chè mèt, men mwen vle fini lèt lan ak yon mesaj lespwa pou tout polisye k ap goumen pou sendika lapolis lan. Tou resamman la, pwofesè Ely Thélot pibliye yon bèl tèks nan jounal Nouvelis : « La nation haïtienne face à l’héroïsme et l’honneur ». Mw enspire m de atik sa pou m di polisye yo ke ewoyis ak lonè pa vann nan mache. Ann kontinye goumen an ewo pou yo sispann trete nou an vwayou.

Lizay pou ou chè mèt !

José Jacques 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.