Tout moun ap pale de chanje sistèm : kisa sistèm nan ye menm?

0
1006

Nou gen lontan n ap tande pale de sistèm sitou lè gen kriz sosyal ak politik, tout moun se « sistèm, sistèm,…, fòk sistèm nan kraze, elatriye ». Mwen deside pale de sa jodi a paske m panse gen moun ki ka pa konn vrèman sa ki sistèm nan. Mwen, sa pa fè lontan depi m yon ti jan konprann sa yo rele sistèm nan. Kite m rakonte nou sa m obsève e sa m konprann

Mardi 1er octobre 2019 ((rezonodwes.com))–

Kisa ki sistèm nan ?

Yon sistèm rete yon sistèm. Sa vle di se eleman ki fòme l e eleman yo toujou an relasyon antre yo.

Gen moun ki fè refererans a sistèm nan tankou jan leta a òganize : 3 pouvwa ak diferan branch ki nan yo. Si jan leta òganize jodi a, nou wè li pa bay rezilta e nou vrèman panse se fason li òganize a ki fè li pa bay rezilta, nou ka fè deba sou li e pwopoze yon lòt òganizasyon. Sa ap mande tou pou n chanje konstitisyon an.

Mwen panse sistèm pèp ayisyen vle kraze a pi gwo ke sa. Se sistèm ekonomik, politik ak sosyal ansanm.

Se depi nan fondasyon nasyon an pwoblèm inegalite sosyal la te idantifye. Nou sonje inegalite ki te genyen ant ansyen lib e nouvo lib. Epi, vè 1830, a kòz pwoblèm politik ki te genyen an ewòp (eg : Polòy) ak nan pwòch oryan an (eg : Liban, Siri…), peyi d Ayiti te louvri bra l pou l resevwa yon latriye refijye jwif ki te sòti nan zòn sa yo (1). Yo te chwazi Ayiti paske yo te tande pale de li kòm yon tè libète. Yon lòt vag refijye jwif ta pral ateri an Ayiti an 1939 a kòz rejim nazi a tap pèsekite yo. Prezidan epòk la, Sténio Vincent pa t ezite aksepte natiralize yo.

Konsa, yo byen enstale an Ayiti avèk konfyans. Yo te fè komès kòm aktivite. Yo kontinye fè komès e yo toujou fè komès. Yo vin konstitye yon klas ekonomik fò e prensipal klas ekonomik peyi a. Di l konsa, se tap yon bèl istwa. Yon istwa enspiran. Yon gwoup moun ki te gen stati refijye nan yon peyi, a fòs yo travay, yo vin « posede » peyi sa a. Se tap bèl bagay ! Sof ke pi fò moun ki nan klas ekonomik sa a konstitye pilye sistèm sa nou vle kraze a. Kòman ?

Gran nèg pa peye taks

Yo toujou di moun kap finanse a se li ki kòmande. Depi lontan klas ekonomik la ap finanse kanpay elektoral politisyen ayisyen. An retou, lè politisyen an rive prezidan pa egzanp, moun yo rele boujwa yo mande franchiz dwanyè. Sa vle di kite yo pase lib e libè ak machandiz nan dwàn nan san leta pa gen pou l touche 5 kòb lesko. E yo anpil konsa ki pa peye taks.

Yon peyi se tankou yon legliz. Manb yo bay ofrann ak dim. Kòb sa a tounen vin jwenn manb yo sou fòm sèvis. Komite legliz la achte mikwo, ban, bale ak lòt pwodui pou legliz la rete pwòp. Si legliz la potko konstwi, kòb sa konn sèvi nan konstriksyon legliz la. Kòb la konn sèvi tou pou ede kèk manb ki an difikilte.

Se egzakteman sa yon peyi fè. Komite kap dirige peyi a, kidonk gouvènman an kolekte taks nan men manb yo ki se sitwayen yo. Epi kòb sa a dwe tounen jwenn sitwayen yo sou fòm sèvis. Kòb la dwe pwoteje anviwonman, fè wout, konstwi lopital, konstwi sistèm adiksyon dlo potab, konstwi lekòl ak inivèsite elatriye. Yon peyi pa anyen san taks sitwayen yo.

Anplis, se taks sila yo kap fè gwo komès ki ta sipoze reprezante mago lajan leta ap bezwen pou fè devlopman. Kòm moun sa yo pa peye taks, leta rabat li sou malere yo. Kòm leta pa t janm gen mwayen pou fè envestisman e pou kreye kondisyon pou envestisman, pa gen travay pou malere. Taks malere yo vin pa reprezante anyen. E plis leta pa gen kòb pou envestisman, plis pa gen travay, plis malere pa ka peye taks. Nou antre nan yon sèk visye. Sistèm nan mare nou.

Pi gwo kou ki touye koukou a, boujwazi tradisyonèl sa anpeche lòt biznisman emèje. Avèk konplisite otorite nan leta a, senten boujwa pa vle e anpeche tout konkirans. Chak pwodui ou chak filyè gen yon mèt nan peyi a. Mwen konn yon moun ki te enpòte pano solè pou l te vann sou teritwa a. Lè pano yo rive ladwàn, yo vire l, tounen l, pwodui yo fè anpil tan yo pa ka dedwàne. Lè l mande pou l wè yon gwo chèf nan dwàn nan, chèf la di l pito w wè avèk entèl. Entèl la se yon boujwa ki fè biznis pano solè tou. Lè l wè boujwa a, boujwa remèt li kòb li te kòmande pano yo epi li di l pa fè sa ankò. Gen yon latriye ka konsa. Yo konn pa di w anyen, se rete ou rete ou wè machandiz yo pa janm ka dedwane. Sa se yon aspè enpòtan nan sistèm nan. San konkirans, gran nèg yo gen monopòl, yo vann  a pri yo vle pou toupizi konsomatè yo.

Politisyen vle rich yon sèl kou

Sa ki pi rèd la, politisyen yo deside yo menm fòk yo rich tou. Yo di boujwa yo rich nan komès, yo menm fòk yo rich nan politik. Politik ki ta sipoze fèt pou chanje kondisyon lavi pèp la, li vin fèt nan yon sèl objektif pou fè lajan. Pandan gran nèg pa peye taks, ti kras taks pèp la bay la anplis èd entènasyonal yo, tout lajan sa yo detounen. Gran nèg ap anrichi, politisyen ap anrich, pèp la nan kras.

Palmantè tounen karanklou, yo pase dechèpiye tout biwo leta, tout ministè, tout ti pwojè youn aprè lòt (2). Yo ta sipoze ap kontwole egzekitif la, yo nan mete moun pa yo nan egzekitif la. Kontwol la pa posib.

Li pa yon sekrè pou pèsonn, palmantè touche lajan nan men egzekitif la tou pou vote gouvènman ak lwa yo. Sa vle di gouvènman oubyen lwa a gen dwa pap bon pou peyi a, yo vote l kanmèm paske yo  pran lajan pou sa. Se yon gwo danje.

Minis yo menm, anpil ladan yo se magouyè ki vle anrichi yo tou nan nenpòt kondisyon. Yo fè antant ak konpayi prive nan kontra y ap siyen pou leta. Anpil minis bay kontra pou yon pousantaj sou montan kontra a. Sa vle di, konpayi prive a gen enterè monte pwopozisyon finansyè (devi) li wo pou l jwenn kòb pou l bay minis la ak lòt fasilitatè. Tout sa sou do mouche leta, kidonk sou do pèp la. Sa vle di tou, menm si konpayi a pa ka fè travay la, depi kòb minis la asire, lap jwenn kontra a. Nou ka konprann pa egzanp pwoblèm wout fin fèt, aprè 2 jou li kraze, aksidan vire tounen, moun ap mouri. Pou kisa? Paske gen yon moun ki te vle fè lajan nenpòt kòman sou do pèp la.

Lè gen pwojè piblik nan yon ministè oubyen yon òganism otonòm, pafwa chak 2 mwa yo bay moun kap travay nan pwojè a prim an fonksyon de salè yo. Direktè jeneral ak minis yo nan prim yo tou e yo gen prim sou tout pwojè nan ministè a. E moun sa yo gen gwo salè ; ki di gwo salè di gwo prim. Se lave yo lave pwojè yo. San konte palmantè ki fin pran pa yo. Kòb pwojè a manje depi anlè. Pwojè yo pa ka ateri. Pèp la toujou nan tenten.

Kontaminasyon sosyete a

Gen kèk ka otorite yo enplike anplwaye ak senp sitwayen nan malfèsasyon an. Raketè nou wè devan imigrasyon, devan DGI, devan OAVCT yo se fas vizib koripsyon sa a n ap pale a pou n pa di yo se reprezantan sistèm nan. Raketè sa yo gen koneksyon ak anplwaye raketè ki gen koneksyon ak otorite raketè.

Lè n ap obsève sosyete a tou, nou remake kèk endividi montre menm vis ak otorite yo. Vis tankou antant avèk yon komèsan pou majore fakti yon pwodui yo ba l achte pou l ka benefisye diferans lan. Yon moun fè yon zanmi jwenn yon travay, zanmi an gen yon pousantaj pou l ba li chak mwa nan salè li. Menm moun sa yo tou ap mande chanjman sistèm nan. Poutan, atitid moun sa yo montre yo prepare pou yo perenize sistèm nan. Chanjman an dwe kòmanse pa chanjman chak grenn moun nan peyi.

Kèk rekòmandasyon

Menm si leta gaspiye lajan taks yo, tout moun dwe jwe wòl yo nan peye taks. Si tout moun peye taks epi anyen pa mache, lè sa a sib la se ap sèlman gouvènman yo. Pwoblèm lan ap pi senp pou rezoud.

Sou kesyon prim nan pwojè yo

Gen de peyi, yo bay prim sou objektif sèlman e se chak ane oubyen chak 6 mwa yo bay prim sa a. Sa vle di prim nan pa otomatik. Se lè objektif yo te fikse sou ane a atenn, yo rekonpanse anplwaye k ap travay nan pwojè a ak yon prim. Se bon sans. Prim nan dwe bay sou baz pèfòmans. Isit, pwojè pa ateri epi prim ap bay. Souvan anplis. Sa pa gen sans.

Youn nan bagay ki ka fè pati politik pa oblije chache finansman nan men gran nèg kap mande franchiz an retou : se redui pati politik yo. Si gen 2 ou 3 pati politik, chak pati ap gen anpil militan kap ka kotize pou pati yo fonksyone kòm sa dwa san koripsyon. Lè gen eleksyon, yo ka fè aktivite leve de fon nan limit lalwa prevwa. Fòk tout pati politik ka pwouve sous finansman yo. Fòk yo ta entèdi pati politik yo pran lajan nan men yon endividi andeyò lalwa.

Rekòmandasyon yo ka anpil. Chak ayisyen gen ide sou kòman chanjaman sistèm nan dwe fèt.

Chanjman sistèm nan ap bon pou nou tout

Menm si yon moun ta benefisye de sistèm nan jan l ye la a, li dwe konnen se yon benefis ki frajil. Inegalite sosyal pa janm bon nan okenn peyi. Inegalite an Ayiti a twò gran e sovaj. Twòp moun nan mal site e moun yo konnen se manje yo manje lajan yo ki fè yo nan eta sa a. Sa kreye anpil fristrasyon e gen yon san revòlt k ap bouyi an pèmanans nan venn moun yo.

Ou ka gen gwo biznis, gwo richès gras a sistèm nan, men ou pa ka trankil. Gwo fòtin sa yo menase an pèmanans. Nenpòt ki lè pèp ka revòlte e kraze sa w te fè. Ou ka rekòmanse e yo rekraze l ankò. Ou pa gen enterè nan sistèm nan.

Ou menm ki pa peye taks pou leta jwenn kòb pou l fè lopital, ou menm otorite ki manje kòb taks pou w ta fè lopital, ou ka gen yon malèz, pa gen lopital pou w ale. Selon malèz la, ou ka pa gen tan vwayaje pou w al pran swen lòtbò dlo. Ou ka mouri bètman. Ou pa gen enterè nan sistèm nan.

Ou menm ki pa peye taks pou leta jwenn kòb pou l fè wout, ou menm otorite ki manje kòb taks pou w ta fè wout, sikilasyon nan peyi a difisil e ou ka mouri nan aksidan. Ou pa gen enterè nan sistèm nan.

Ou menm ki pa peye taks pou leta jwenn kòb pou l fè inivèsite, ou menm otorite ki manje kòb taks pou w ta fè inivèsite, konnen ou bezwen pwofesyonèl byen fòme pou konstwi peyi a nan tout domèn. Ou ka mouri paske pa gen bon doktè, ou ka mouri paske pa gen bon enjenyè ki ka fè bon kay ak wout, ou ka mouri paske pa gen bon agwonòm k ap travay sou kalite anviwonman an ak kalite sa w ap manje, …. Ou pa gen enterè nan sistèm nan.

Nou tout gen enterè nan chanje sistèm sa a.

Lè sistèm nan chanje, lajan leta ap rive sèvi popilasyon an. Malere yo itilize kòm raketè oubyen kòm bandi jodi a ap ka aprann metye pou yo travay e fè lajan avèk diyite. Lavi ap anfen gen sans sou tè papa Desalin nan.

Newdeskarl Saint Fleur
newdeskarl@gmail.com

(1) Dalembert, L. P. (2017). Avant que les ombres s’effacent. Paris, Éditions Sabine Wespiser.

(2) https://www.lenouvelliste.com/article/202548/la-strategie-karanklou

#SystèmeChallenge

#HaitiCorruption

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.