Manno Ejèn : Genyen yon peryòd larenesans ki tanmen ak lajenès ayisyen an

0
215

Manno Ejèn se powèt, ekriven. Li se otè plizyè liv, tankou : Egziltik, Aganmafweza, Vwa zandò, Sezon papiyon. Manno Ejèn se premye envite donè Festival Entènasyonal Literati kreyòl k ap dewoule sòti 4 pou rive 18 desanm 2019 la, an Ayiti.

ak Ricot Marc Sony

Mardi 17 septembre 2019 ((rezonodwes.com))– Ou se powèt, manm Fondatè (REK) Regwoupman Ekriven Kreyòl. Ou se yon potorik powèt. èv ou nan literati kreyòl la mete w pami powèt ki fè pèp ayisyen tete lang plis ak lang li. Sòti 4 pou rive 18 desanm 2019 la, Ayiti ap òganize premye edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl. Kisa yon evènman konsa di w ?

Manno Ejèn : Se yon kesyon ki pran twa dimansyon nan limen m. Kòm ou di li a, se « Premye edisyon », pou byen di, se yon  premye fwa yon festival entènasyonal sou literati kreyòl nan lemonn, epi ki kote anplis, an Ayiti.  Se kisa sa vle di ? Dabò, se yon fenèt de batan ki louvri sou monn, sou sivilizazyon kreyolopal la, sou valè, sou vizyon, sou lapanse kreyòl. Dezyèmman, sa montre, nan brasay lide ki t ape devlope nan tan lakoloni yo, kreyasyon lang kreyòl yo se te premye siy ki montre sosyete esklav yo te rejte valè oksidantal yo. Kounye a, avèk kreyasyon REK, kòm premye regwoupman ekriven kreyolopal ak lalwa fondamantal ki tabli Akademi  Kreyòl Ayisyen an (AKA), pou rive sou Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la,  m konfime refi global zansèt yo te manifeste nan epòk yo a. Twazyèmman, lefèt se lajenès k ape pote gwo pwojè sa a, se yon manifestasyon ki montre enfliyans frankofoni ki te deja fele a ape krake kounye a. Genyen yon peryòd larenesans ki tanmen ak lajenès ayisyen an, yon « nouvo kreyolizay » ki pwente nan sosyete ayisyen an.

Ou se envite donè premye edisyon Festival la, Kisa w te panse lè oganizatè yo te anonse w kòm envite donè ? Eske w te panse ak tematik lan ?  Eske w ka defini pou nou «Literati kreyòl? »

Manno Ejèn. Festival la se lide yon pwojè ki te nan kouti depi ane pase. Anvan, se te yon senp kenzèn literati pou te selebre dezyèm rekòt kafe emisyon literè Pawòl Kreyòl, sou antèn Radyo Signal, powèt Anivince Jean Baptiste (Tivens, ki se direktè REK, manm fondatè Tanbou literè epi manm Sosyete Koukouy) ape anime. Se nan brase lide li vini pran fòm yon festival entènasyonal literati kreyòl.

Men ou mande pou mwen defini «Literati kreyòl la » se yon kesyon, mwen twouve ki pi global, pi jeneral toujou. Nan sans, se ki jan nou pran espresyon literati kreyòl la. Se kisa li vle di ? Èske se nan lespri yon sèl lang tout pèp kreyolopal yo genyen an pataj, anndan yon literati yo genyen an kommen ? Oubyen, èske se antan yon varyete lang ki fè pati yon menm fanmi lang yo rele kreyòl, ak yon literati divès ki charye  menm vizyon,  menm monn, menm sivilizasyon ? Sa a se nan atelye, nan diskisyon n ava kapab debat anndan Festival la.

Manm REK yo toujou ap fè promosyon lang Kreyòl. Tout zèv yo ekri se an kreyòl, selon ou menm kisa ki fè yon moun ki ekri an franse pa ka fè pati REK ?

Manno Ejèn. Anvan nou vanse pi lwen, genyen yon ti limyè nou dwe jete sou de espresyon: « zèv » ak « ekri an kreyòl ». Mo « zèv la » sonnen kòm charite, povrete, mizè, kè nan men. Mwen ta pito prefere, mwen ta pi alèz ak mo « èv la », nan sans konesans, nan sans kreyasyon, kòm atizay, kòm pwodiksyon literè, atistik… kòm patikilirate yon kreyatè, tou sa li prodwi. Espresyon « ekri an kreyòl la » fè yon otè ayisyen, matiniken, sechelwa… pase kòm etranje nan pwòp lang li. Yon ekriven fransè pa ekri an fransè. Li ekri fransè. Yon ekriven anglè pa ekri an angle. Li ekri angle. Yon ekriven espanyòl pa ekri an espanyòl. Li ekri espanyòl. Yon ekriven etranje, yon ekriven pòtigè, franse, angle kapab ekri an kreyòl oubyen an ayisyen. Se menm bagay la tou pou yon ayisyen, lwizyanè, reyinyonè. Yo ekri kreyòl oubyen ayisyen, antiyè, sechelwa, reyinyonè. Ekriven ayisyen ki fè pati frankofoni an, yo ekri an franse, an angle, an espanyòl… REK se yon òganizasyon ki regwoupe ekriven kreyòl yo ansanm pou yo kapab reflechi sou tout pwoblematik ekriti oubyen literati kreyòl yo. Pou nou rezime Liv vèt Regoupman an: REK rasanble, san diskriminasyon, divès kalite ekriven (powèt, womansye, jounalis, chantè, konpozitè, chèchè), oswa gwoup ak asosyasyon literè ak kiltirèl ki itilize lang kreyòl la nan travay ekriti yo.

Li se rapwochman divès jenerasyon pou pèmèt refleksyon ak diskisyon sou devni literati lang nasyonal ayisyen an, fasilite pataj, boukantay ak kaminizay esperyans ansanm; ak pou tabli divès kalite enstitisyon nesesè pou ankadre ekriven yo ak pou fè pwomosyon literati sa a. Regwoupman an se yon tab refleksyon pou sele lizay vansman yon literati djanm nan lang tout ayisyen pale epi konprann nan. Larèl lide Regwoupman Ekriven Kreyòl la se pwopaje epi soutni literati ayisyen an. Plase li andan yon politik lawonesans nasyonal kou etènasyonal. Konsidere li kòm yon zouti pou devlopman imajinè ayisyen an kòm pi bon mwayen kominikasyon ak lemonn antye.

Kòm envite Donè Premye Festival Entèsyonal Literati Kreyòl ki sa sa vle di pou ou ?

Manno Ejèn. Kòm premye envite Festival la se yon onè mwen pran ak anpil imilite. Men tou, se yon privilèj mwen pataje ak tout sila ki devanse mwen yo, ak Sosyete Koukouy m ape kolabore depi 59 lane, ak pi pwòch kolaboratè m ape travay depi prèske 40 lane takou: Kaptenn Koukouwouj, Jean Robert Placid pa ekzanp. Anplis tou, se yon privilèj ki temwanye èv tout moun sa yo rive nan monman flerizman yo, nan peryòd donezon yo. Se yon temwanyaj pou di nouvèl jenerasyon ekriven yo, chimen siksè a se pa dòmi aswè leve rich demen; literati a se yon travay ki toujou ape refè, se fezèdte, fasad kache yon lang n ape dekouvri; pa genyen literati si pa genyen yon pwojè ekriti, se yon sousi pou depase tèt nou.

Gen yon nouvo Jenerasyon nan literati ayisyen an ki ekri sèlman an kreyòl, oubyen ki ekri premye zèv yo an kreyòl nou ka site Jessica Nazaire, Samuel Clermont, Darly Renois, Fegguerson Thermidor, Christ Falin Oralus, Roniro Jean Baptiste, William St Cyr, Kevin Pierre, Wilkens Scott Fifi pou n site sa yo sèlman. kisa sa di w lèw wè tout jenn powèt sa yo fè dappiyanp sou lang lan ?

Manno Ejèn. Mwen pa two renmen espresyon “dappiyanp lan ”. Li bay sans vòlè. Alòs, se yon nouvèl jenerasyon ekriven ki jwenn ladrès pou donte lang lan, k ape dòlote lang lan. Kòm li ekri nwa sou blan nan Liv vèt Regwoupman Ekriven kreyòl la, « Jodijou, apre anpil tatonnman, ak gòj deboutonnen, nou kapab afime istwa literati (kreyòl) ayisyen an pa kapab siprime ankò, paske li rantre nan peryòd kwasans li. Li deja depase estad pepinyè a, kote plizyè jenn gwoup refleksyon, asosyasyon, lekòl panse ak atelye ekriti ape boujonnen toupatou nan peyi a, tankou nan dyaspora ayisyen an. Divès èv valab nan plizyè domèn (pwezi, woman istwakout, teyat, esèy, resi, kont, blag, tèks teknik, syantifik kou filozofik…)ape pwodwi chak jou ki jou, ki montre tout varyete ak potansyèl ki ekziste nan lang ayisyen an. Men sitou, ki montre ladrès ekriven yo pou dekouvri lòt fasad kache lang lan ki ape pete boujon, chak jou ki jou.

Tousa, se rezilta yon batay manchlonng divès jenerasyon ekriven, powèt, atis, pansè, entelektyèl, syantifik, teknisyen ape mennen ak grif, ak zong yo. Sitou lè nou konsidere nan ki kondisyon sosyal, ekonomik, politik peyi a…”

Kisa Manno Ejèn ap pote, nan djakout li nan kad premye edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la?

Manno Ejèn: M ape prezan nan divès medya, patisipe nan atelye ekriti ak diskisyon. Pwofite okazyon an pou savaloure Maurice Sixto, yonn nan gran lodyansè devan letènèl, ki te penmèt nou dekouvri tout richès oraliti ayisyen an; epi prezante divès konferans sou pwezi anwoule a ak sou konsèp kreyolizay la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.