Pour ou contre la démission de Jovenel Moïse : Des Petrochallengeurs du Sud-Est fixent leur position

0
63

La mobilisation va continuer, ont assuré les Petro Challengeurs du Sud-Est. Et ce n’est pas la démission ou le maintien du président Jovenel Moïse qui va les arrêter dans leur quête de lumière sur la dilapidation des fonds du programme PetroCaribe

Jacmel, lundi 26 novembre 2018 ((rezonodwes.com))– Pozisyon ansanm Petwotchalenndjè Sidès nan nouvèl konjonkti a

Sa gen plis pase twa (3) mwa yon seri sitwayen, fanm, gason, jenn, nan sosyete a deside ekzèse yon dwa lalwa ba yo ki se mande Leta kont. Yo deside mande responsab k ap dirije Leta yo rapò sou yon lajan ki te disponib pou chanje kondisyon fanm/gason/jenn/ti moun k ap viv nan sosyete a. Se avèk anpil sezisman, nou rann kont responsab sa yo deside fè tout sa yo konnen pou yo pa reponn popilasyon an yon senp kesyon ki se: KOT KÒB PETWO KARIBE a?




Se avèk anpil regrè, nou wè dirijan an yo prefere masakre popilasyon an olye yo chwazi bay RAPÒ sou KÒB PETWO KARIBE a. Depi anvan 17 oktòb anpil elèv lekòl te gentan viktim zak maspinay, pran bal ki soti nan revolvè lapolis ak sniper kap tire moun nan tèt ki se fo polis gouvèlman entegre anndan lapolis nasyonal la. 17 oktòb, plizyè petwotchalendjè pran bal ki soti swa nan zam lapolis, oswa nan zam malfra gouvènman peye pou simen laperèz nan kan popilasyon an. Apre 17 oktòb yo tèlman touye moun nan Lasalin, sanble pa menm gen mòg pou resvwa kadav paske se manje kochon KADAV MOUN LASALIN te tounen anba de nawè gouvènman Jovnèl/ Seyan an. Sa pat rete la. 18 novanm, anpil moun mouri ak bal nan tèt. Jakmèl, moun mouri anba gaz, lapolis tire wotè moun, maspinen moun san pè san krent. E, moun kontinye mouri Okap, Potoprens (si nou pran sa ki pase sou ayopò) pou site kote sa yo selman.

Chèf lapolis la deklare sou radyo, gen anpil materyèl se wè li wè lapolis ap itilize yo, li pa konnen ekzistans zouti sa a yo anndan enstitisyon l ap dirije a. Sa vle di, Direktè a pèdi kontwòl enstitisyon polisyè a. Pami yo, inifòm, zam ki ka touye moun pa pil ak pa pakèt nan yon bat je, machin, elatriye. Anpil pawòl ap sikile, fè konnen gen touyè etranje ki nan lantouray prezidan an. Gouvènman Jovnèl/Seyan an sanble pi kriminèl pase sa n panse.

Anplis, nou dwe konsidere dènye entèvansyon laprès prezidan an, ki jije moun ki nan lari yo pa sitwayen, moun ki mouri yo pa menm bon chen ki merite konsiderasyon prezidans li a. Moun ki mouri anvan 17 oktòb, apre 17 oktòb nan lasalin, 18 novanm nan plizye zon nan peyi a, 21 novanm sou ayopò pa t merite pawòl mouche prezidan an. Revandikasyon pèp la pa enterese l. Lavi popilasyon an pa enterese l.

Finalman, nou rann nou kont gouvènman Jovnèl/Seyan an fè chwa sasinen pèp la olye li kreye kondisyon pou yon pwosè ekitab fèt kote ansyen ak nouvo jesyonè Leta, moun sektè prive ki gen non yo site nan dilapidasyon fon Petwokaribe a defann tèt yo devan lajistis.

Nou menm ki nan mouvman petwotchalendjè nan depatman Sidès la, konprann epi pran desizyon pou nou reziste epi kreye kondisyon pou nou jwenn osnon bay tèt nou repons n ap chache a.




Nan sans sa, a nou pwofite voye yo gwo kout Ayibobo pou tout moun, tout jenn fanm, jenn gason, granmoun, tout kote nan tout kwen ki pran desizyon pou yo pa batba devan represyon sovaj gouvènman an. N ap di moun ki viktim ak moun ki pèdi paran yo nan batay la kouray. Yo dwe konnen yo pa pou kont yo. Moman an difisil, men nou oblije vanse nan solidarite youn ak lòt. Nou rann kont gen plis lespwa pase sa n ta panse. Petwotchalendjè Sidès ki siyen nòt sa a voye anpil kouray pou yo. Epi, di yo ansanm n ap kontinye limen chandèl mobilizasyon an jiskaske nou jwenn lavi miyò n ap chache pou tèt nou an.

Se pou sa nou deside :

  • Kole zepòl ak tout aktè, tout sektè, tout òganizasyon kèlkeswa kote w ye, depi se sou batay pou chanje eskanp figi sosyete sousèt sa a ou kanpe.
  • Estriktire tèt nou pou aksyon nou yo kapab pi efikas
  • Ankouraje solidarite ki kapab pèmèt nou reziste pi lontan posib.Solidarite ki kapab ede n sekirize lavi nou ak lavi fanmi nou devan atak malfra sa yo

Epi nou kore tout pwopozisyon solisyon ki :

  • Kwè kriz sa a, pou yon fwa, dwe gen yon solisyon ayisyen, fanm ak gason desandan 1804 ki se sèl mèt bout tè sa a.
  • Nou kont tout entèvansyon etranje, sitou sa ki soti nan gwo anbasad enperyalis yo takou : Etazini, Kanada, Lafrans, Lespay, elatriye
  • N ap di Jovenel ak kolaboratè li yo demisyone se alafwa yon ak konstitisyonèl e patriyotik menm jan ak fini manda a. Se, anplis, yon ak responsab lè ou rann kont ou pa ka mennen bato a kote l dwe rive a. Kidonk, mouche prezidan se pa nesesè pou w fè asasinen plis moun toujou. Nou pap ba w vag, paske w pa gen solisyon kriz la.

N ap di byen wo pou pwopagandis pouvwa a, entènasyonal la ak sektè prive a, Mouvman Petwotchalenj pa yon mouvman rache manyòk. Men nou rann nou kont ak prezidan Jovnèl pap janm gen pwosè Petwo Karibe. Alòs, se li k ap voye tèt li ale. Nou jis ap di l mèsi pou sans patriyotik li.

Ansanm ansanm, jis nan viktwa final la. Nou pi pre pase kote n te ye. Annavan, annavan. Moun k ap batay pa mouri.




Sitwayen ak òganizasyon ki siyen nòt sa a :

 

  1. Marie Isnise ROMELUS
  2. Larochel VICTORIEUX
  3. Max-Renaud LUBIN
  4. Jean Rony CESAR
  5. Nathalie JEANNIS
  6. Joël PIERRE LOUIS
  7. Me Johnny DESVALLONS
  8. Pierre Lucson BELLEGARDE

 

  1. Tony JEAN
  2. Louis JN LOUIS
  3. Franck MAHOTIERE
  4. Fedalson JOACHIM
  5. Junior Harold SAINT JEAN
  6. Lodrique SAINTO
  7. Maxito ANDRAL
  8. Jeremy Karimy CASTEL

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.